Federasyon Ayisyèn Foutbòl la (FHF) mete je l sou teknisyen espanyòl David Badía pou pran direksyon seleksyon nasyonal gason an apre Koup di Mond 2026 la. Ansyen manm ekip teknik Almería ak akademi FC Barcelone a gen yon eksperyans nan plizyè peyi Ewopeyen, men li pral fè premye eksperyans li kòm antrenè seleksyon nasyonal ak Ayiti.
Apre plizyè mwa rechèch ak evalyasyon, Federasyon Ayisyèn Foutbòl la rive jwenn yon akò pou konfye direksyon Grenadye yo ak teknisyen espanyòl David Badía Cequier. Ki ranplase fransè Sébastien Migné apre Koup di Mond 2026 la.
Badía, ki soti Gavà nan kataloy ann Espay, gen yon karyè ki make pa plizyè eksperyans nan foutbòl Ewopeyen an. Li te pase plizyè ane nan estrikti fòmasyon FC Barcelone, kote li te travay ak ekip jèn yo. Li te fè tou pati ekip teknik plizyè klèb nan Espay ak Latiki.
Nan UD Almería, Badía te travay kòm antrenè adjwen nan ekip premye a, pandan li te patisipe nan kanpay klèb la pou monte nan LaLiga. Li te gen yon eksperyans tou nan Antalyaspor, kote li te fè pati ekip teknik la e li te pran direksyon ekip la kòm antrenè pwovizwa pandan yon peryòd.
Yon eksperyans ki depase fwontyè Espay
Karyè teknisyen an mennen l tou nan Fenerbahçe, youn nan pi gwo klèb Latiki yo. Apre sa, li te kontinye eksperyans li nan Chyp, kote li te dirije plizyè klèb, pami yo Ethnikos Achnas, AEK Larnaca ak Akritas Chlorakas.
Li te fè yon pasaj tou nan Polòy, kote li te pran responsabilite Lechia Gdańsk. Dènye eksperyans li kòm antrenè prensipal se nan Ethnikos Achnas pandan sezon 2024-2025 la.
Premye eksperyans li ak yon seleksyon nasyonal
Chwa David Badía a reprezante yon nouvo etap nan karyè li, paske jiska prezan, eksperyans li fèt sitou nan nivo klèb. Ayiti se premye seleksyon nasyonal li dirije kòm antrenè prensipal.
Pou FHF la, defi a pral enpòtan. Nouvo seleksyonè a pral oblije travay sou estabilite ekip la, òganizasyon taktik, jesyon jwè yo ak relasyon ant jwè ki evolye ann Ayiti ak sila yo ki jwe aletranje.
Apre Mondyal 2026 la, Badía ta dwe pran tèt yon ekip ki gen anpil defi devan l, sitou nan Lig Nasyon CONCACAF, Gold Cup ak kalifikasyon pou pwochen gwo konpetisyon entènasyonal yo, pandan objektif final la ap rete konstwi yon seleksyon ki pi konpetitif sou plan kontinantal.
Yon chwa ki pral teste sou teren an
Malgre eksperyans entènasyonal David Badía, nominasyon li soulve deja anpil kesyon nan mitan obsèvatè foutbòl ayisyen yo, sitou sou kapasite li pou adapte l ak reyalite yon seleksyon nasyonal ak presyon ki mache ansanm ak foutbòl ayisyen an.
Pou kounye a, FHF la sanble ap konte sou eksperyans Ewopeyen teknisyen an, konesans li nan fòmasyon jwè ak kapasite li pou travay nan diferan anviwònman foutbòl.
Men se rezilta Grenadye yo sou teren an ki pral bay vrè repons lan. Apre Mondyal 2026 la, yon nouvo chapit ta ka louvri pou seleksyon nasyonal Ayiti a ak David Badía nan tèt li.