Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti fikse pozisyon yo sou grèv Anseyan yo nan lekòl piblik yo e tou pwofite bay bilan 7 semèn grèv la.

Asosiyasyon Nasyonal Nòmalyen Endepandan Ayiti (ANNIH), prezante yon konferans pou laprès pou kontinye fikse pozisyon sou grèv Anseyan nan lekòl piblik ak Nasyonal yo nan Otèl Oasis nan komin Laskawobas jodi Dimanch 04 Jen 2023 a. Kote yo konstate malgre grèv la sou setyèm semèn minis Edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat refize tande revandikasyon Anseyan yo.

Pou responsab ANNIH Sant yo ki tap bay bilan 7 semèn grèv la sekretè jeneral la wilson Antonio selon li, ANNIH pa nan yon grèv pou sèlman revandike bon kondisyon travay pou Anseyan men tou pou yon lòt sistèm edikasyon ki akonpaye ak espas aprantisaj apwopriye, aksè ak Nouriti, bibliyotèk, laboratwa elatriye.

Pou Makenson Locan, kòwòdonatè depatmantal sant lan, se iresponsablite Leta ki fè grèv la rive tout 7 semèn pandan setan, minis Manigat pa janm manifeste okenn volonte pou jwenn yon antant ak Anseyan yo. Alòske konsekans lan ap peze lou sou do elèv yo. Ratrapaj, kou siplemantè ak pwolonjman egzamen an se mwayen pou elèv yo ratrape jou pèdi yo selon Makenson Locan.

Kòwòdonatè a kontinye pou di, kaye revandikasyon an paske Minis Nesmy refize ajiste salè pwofesè yo, refize bay kat debi a, refize nome pwofesè ki nan klas depi digdantan yo. Li avanse pou di se yon mechanste lè minis lan prè pou double bidjè li ak ogmante Anseyan nan lide pou li fè ratrapaj lekòl yo alòske, minis lan pagen bidjè pou ajiste salè ak bay kat debi ak anseyan nan klas yo.

Yon lòt kote, pou sèten pwofesè, grèv la dwe entansifye nan lekòl prive yo pou Leta tande rezon alòske yon lòt gwoup kwè enterè Anseyan lekol prive yo pa Komen. Se ta pito lekol sibvansyone yo. Pandan ANNIH kwè grèv la dwe kontinye.

Washington FLORVIL, Centre a la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841