Yon delegasyon peyi Kenya an Ayiti nan mwa dawou 2023

Nan yon premye reyinyon pou amonize kontak yo youn ak lòt, delegasyon misyon evalyasyon peyi Kenya a rankontre lendi 21 dawou 2023 a divès manm wo kòmandman polis nasyonal Ayiti a, Wo konsèy Tranzisyon an ak kèk manb diplomasi a ak chèf gouvènman an. Se sa Ministè kominikasyon Ayiti rapòte nan yon kominike lendi 21 dawou 2023 a.

Delegasyon peyi Kenya ki konpoze 10 moun te rantre Ayiti dimanch 20 dawou 2023 a, pou yon premye evalyasyon tèren Ayiti, nan lide pou sipòte polis nasyonal la pou konbat ensekirite a gouvènman an te mande entènasyonal la nan mwa oktòb 2022 pase a kote Premye Minis Ariel Henry te remande sekretè jeneral nasyonzini an sa yon dezyèm fwa nan mwa jen 2023 a.

Chèf misyon an George Orina ki se direktè jeneral zafè bilateral ak politik Ministè zafè etranje ak dyaspora peyi Kenya deklare » Nou prezan Ayiti pou evalye bezwen polis nasyonal la, genyen yon meyè lide sou kriz la epi gade kisa nou ka fè pou vini ede pèp ayisyen an.

Chèf gouvènman Ayiti a, premye Minis Ariel Henry te pran lapawòl pou raple èd li bezwen pou derasinen gang yo epi pou popilasyon an kapab rejwenn dwa li genyen pou sikile lib e libè nan peyi a. Li fè konnen misyon sila ap pèmèt Leta Ayisyen ak rès kominote entènasyonal la genyen yon apròch diferan epi adopte yon fòs miltinasyonal ki ap adapte ak sitiyasyon aktyèl la pou ranfòse kapasite PNH pou fè fas ak kriminalite yo toujou nan bonjan kolaborasyon ak BINUH.

Selon kominike Gouvènman an, delegasyon Kenya ki genyen 10 moun te fè yon rankont travay nan Nouyòk Etazini ak divès peyi e group ki genyen entansyon ede Ayiti yo avan menm yo te rantre nan kad premye vizit yo Ayiti.

Kenya se manb non pèman konsèy sekirite nasyonzini ki angage l depi 1989 nan misyon mete lapè. Twoup Kenya genyen bonjan eksperans, yo te fè eksperans sekirite nan Kosovo, Yougoslavi, syera Leyòn nan Timò, Somali, Soudan ak Angola.

Wo Eta majò polis la ki te travay ak delegasyon Kenya aprè yo te fin manje ansanm de profite fè kèk sijesyon sou èd y ap bezwen an epi tou yo jwenn enfòmasyon sou dispozisyon ki ap pran pou konkretize èd la.

Delegasyon peyi Kenya ki genyen pou kite peyi a mèkrèdi ap genyen pou reyalize yon 2zyèm jounen travay ak wo eta majò polis la plis premye Minis Ariel Henry pou bay yon lide sou aksyon fòs miltinasyonal la.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....