Malgre konsèy sekirite Nasyonzini an te otorize 3 oktòb pase a deplwaman fòs miltinasyonal la pou li rantre Ayiti peyi, misyon peyi Kenya ap kòmande, Lakou siprèm peyi Kenya deside bloke pou yon ti tan (jiska 24 oktòb k ap vini an) deplwaman fòs lòd Kenyen yo an Ayiti, aprè yon plent « Third Way Alliance » depoze ki kesyone legalite deplwaman fòs sila a. Lakou a pran desizyon an lendi 9 oktòb 2023 a.

Selon sa medya Kenyen yo rapòte, se chèf pati  «Thirdway Alliance» la Ekuru Aukot, pati a ak prezidan l Mururu Waweru ki depoze yon plent pou kanpe deplwaman an, jis pou kesyone legalite fòs la.

PIBLISITE PEYE

« Pa t genyen reyinyon, ni desizyon kabinè sou dosye sa a. Anplis de sa, konstitisyon Kenya 2010 la pa bay dwa ak pyès polisye Kenyen kite tèritwa Kenya pou ale nan misyon nan pyès lòt peyi, sof lame a ki genyen dwa sa a. » Se agiman sa a gwoup siyatè opozan yo depoze nan òd arè a selon sa medya  » The Standard » rapòte.

Gwoup siyatè ki opoze ak deplwaman fòs Kenyen yo Ayiti, depoze plent lan pou pousuiv an jistis prezidan Kenya William Ruto, pwofesè Kithure Kindiki, enspektè polis Japhet Koome, Prezidan asanble Nasyonal la, Justin Muturi ak konsèy sekirite Nasyonal Kenya a.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841