Dimanch 08 oktòb 2023 a, aprè desizyon konsèy Minis yo, finalman yo chwazi ekonomis Ronald Gabriel pou ranplase Jean Biden Dubois kòm Gouvènè Bank Repiblik Ayiti (BRH) ki te nan pòs la depi 2015. Pi lwen, Mathieu Fortunat vini DG BRH epi vis Gouvènè a toujou rete nan plas li.

Mesye Ronald Gabriel fè yon metriz nan ekonomi nan inivèsite «Montréal Canada» aprè li te fin dekroche yon diplòm nan CTPEA Ayiti. Anplis li te Direktè jeneral BRH etou li te Direktè ezekitif fon Devlopman.

Ronald te monte kòm direktè jeneral BRH depi 2019. Ant 2015 a 2019 li te manb Konsèy administrasyon bank lan kòm konseye ekonomik, kòdonatè politik monetè, e direktè monè ak analiz ekonomik.

Konsèy administrasyon BRH repati konsa: Ronald Gabriel Gouvènè, Georges Henry Gouvènè adjwen ,Mathieu Fortunat Direktè jeneral epi Michèle Delerme ak Florient Jean Marie manb.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....