Malgre konsèy sekirite Nasyonzini an te otorize 3 oktòb pase a deplwaman fòs miltinasyonal la pou li rantre Ayiti peyi, misyon peyi Kenya ap kòmande, Lakou siprèm peyi Kenya deside bloke pou yon ti tan (jiska 24 oktòb k ap vini an) deplwaman fòs lòd Kenyen yo an Ayiti, aprè yon plent «Third Way Alliance» depoze ki kesyone legalite deplwaman fòs sila a. Lakou a pran desizyon an lendi 9 oktòb 2023 a.

Selon sa medya Kenyen yo rapòte, se chèf pati  «Thirdway Alliance» la Ekuru Aukot, pati a ak prezidan l Mururu Waweru ki depoze yon plent pou kanpe deplwaman an, jis pou kesyone legalite fòs la.

PIBLISITE PEYE

«Pa t genyen reyinyon, ni desizyon kabinè sou dosye sa a. Anplis de sa, konstitisyon Kenya 2010 la pa bay dwa ak pyès polisye Kenyen kite tèritwa Kenya pou ale nan misyon nan pyès lòt peyi, sof lame a ki genyen dwa sa a.» Se agiman sa a gwoup siyatè opozan yo depoze nan òd arè a selon sa medya » The Standard» rapòte.

Gwoup siyatè ki opoze ak deplwaman fòs Kenyen yo Ayiti, depoze plent lan pou pousuiv an jistis prezidan Kenya William Ruto, pwofesè Kithure Kindiki, enspektè polis Japhet Koome, Prezidan asanble Nasyonal la, Justin Muturi ak konsèy sekirite Nasyonal Kenya a.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....