Kenya ap voye yon delegasyon Ayiti semèn ki ap vini laa pou evalye sitiyasyon jiridik e diplomatik fòs miltinasyonal la. Se Minis zafè etranje Kenya a Musalia Mudavadi, ki fè revelasyon an jedi devan komisyon sekirite paleman an.

Delegasyon sila a ap genyen pou rankontre otorite Ayiti. Yo pa presize konbyen jou delegasyon ap fè Ayiti.

Selon sa divès medya Kenyen yo rapòte Gouvènman Kenya deja valide deplwaman polisye yo ki ap fè pati fòs la. Li rete pou paleman an kounye a deside.

Depi 10 oktòb 2023 a nou te deja voye nan «Nandi Hills» 200 polisye elit antrene pou fè fas ak defi yo Ayiti. Se konsa Japhet Koome ki se enspektè jeneral polis Kenya te pale nan reyinyon validasyon an.

Ap genyen 1 000 ajan ki ap chwazi nan inite deplwaman rapid, inite anti vòl, inite sèvis jeneral, inite patwouy fwontalye

Paralèlman polisye yo ki ka kòmanse antre Ayiti an Novanm kontinye ap antrene.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....