4 moun kidnape, 2 moto ak plizyè kay boule. Se bilan pwovizwa atak bandi Savyen yo nan Latibonit Ayiti fè nan lokalite Dwè ak Poteri nan sware 9 pou louvri 10 desanm 2023 a.

Youn nan kay ki boule yo se pou yon machann maje kwit ki rele Vania. Abitana zòn nany idantifye 2 nan moun yo kidnape yo, youn rele Kapo, lòt la rele Naïka.
Daprè moun nan zòn lan, bandi ki mete dife nan kay ak moto a rele Eudriche Altidort alyzs (RAT).

Bandi Savien yo tire anpil kout zam nan zòn lan ki lakoz anpil moun kouri kite lakay yo al kache nan mòn.

Daprè sa bandi yo fè konnen, objektif yo se ta rive pran kontwòl ponsonde ki sanble pa fasil pou yo akoz yon gwoup rezistans genyen nan zòn lan.

se gwo rèl ak dezolasyon ki genyen nan mitan abitan Dwè ak Poteri yo paske gen anpil moun y ap chache ki poko tounen lakay yo. Fanmi yo pa konnen si se kidnape bandi yo kidnape moun sa yo oubyen se soti yo poko soti kote yo te al kache nan tèt mòn lan.

Micheline Dor, yon jenn fanm 22 lane te resevwa plizyè bal nan bouboun li paske li pat dakò pou chèf gang Luckson te fè bagay ak li. Aksyon sila te dewoule semèn pase a.

Malgre yon group sitwayen nan Depatman Latibonit lan òganize yon manifestasyon madi 5 Desanm 2023 a pou mande Leta a pou elimine gang yo ki ap teworize popilasyon Latibonit lan. Mach la kòmanse anba gwo mòn Senmak, nan kafou Kòlmini ak destinasyon deva pakè St Marc la. Sa pa anpeche krim yo kontinye anba je otorite Leta yo.

2 jenn gason ta pral asasine vandredi 8 Desanm 2023 a. Bandi Savyen yo boule tou vivan Edno yon jèn gason ki gen twoub mantal nan komin Lyankou. Yo akizel Kòm manb gwoup rezistans chandèl la. An revanj gwoup rezistans chandèl la touye Tiko ki se yon chofè, yo akize ki nan gang Savyen.

Nan dènye moman sa yo, « Gang Savyen an » Luckson ap dirije parèt kòm youn nan gang ki pi vyolan an Ayiti.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841