Yvette Clarke- Rashida Tlaib-Babara Lee-Jan Schakowaky- James Mc Govern-Pressley, gwoup 6 demokrat nan kongrè ameriken an ekri administrasyon Biden nan vandredi saa pou yo mande pou li pa sipòte entèvansyon militè ki planifye pou vini Ayiti a.

6 demokrat yo di si Administrasyon Biden nan vle ede Ayiti vre se pou yo kanpe aksè gang yo genyen an pou yo jwen n zam ak minisyon an pito, demokrat yo avanse pou yo di sòti nan ane 1990 rive jodia se prèske 7 misyon pou lapè ak estabilite ki vini Ayiti men pa janm gen anyen ki fèt vre, dènye misyon ki te pase a se Kolera li te kite pou Ayisyen yo.

6 demokrat yo ekri Antony Blinken pou yo di l bloke trafik Zam ak minisyon kap antre Ayiti yo paske Ayiti pa fabrike Zam epi sispann sipòte Dr Ariel Henry sou pouvwa a.

Sous: Clarens Charles.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....