San yon bilan pozitif, EAC oblije kite Repiblik Demokratik Kongo, pandan misyon Nasyonzini an li menm ap tann tou pa l an janvye 2024 k ap vini la a

Sòlda Kenya yo ki te fè pati fòs Rejyonal Kominote Afrikèn Lès la (EAC-RF) kite peyi Repiblik Demokratik Kongo wikenn pase a paske yo pa efikas nan ede konbat gwoup M23 a. Kinshasa pa deside renouvle manda yo nan peyi a.

Pandan sòlda Kenyan yo kite Repiblik Demokratik Kongo paske yo fayi ak misyon yo nan peyi a, jedi 7 desanm 2023 a, @USAmbUN deklare li apresye kolaborasyon Kenya ki toujou fè pwomosyon pou lapè ak sekirite, k ap lite kont vyolans ak konfli nan Soudan, RDC ak Somali epi ki aksepte pran tèt misyon Ayiti a.

Yo te 2 gwoup konsa anviwon ki te yon santèn sòlda Kenyen te oblije kite ayepò Goma kapital provensyal Kivu, pou retounen lakay yo akoz yo pa bay rezilta.

Youn nan pòt pawòl EAC-RF yo konfime pou AFP efektivman militè Kenyen yo retounen lakay yo san li pa bay pyès presizyon sou sòlda Ougandè, Biwoundè ak Sid-Soudanè yo ki fè pati fòs la.

Emmanuel Agaye ki se yon chofè taksi moto nan RDC di AFP «li kontan anpil paske yo pa renouvle manda fòs EAC ki te vini pou ede nou men se pa sa yo fè».

Niyibizi ki se yon lòt abitan Goba fè konnen «fòs EAC a pa gen plas yo isit la. Nou sezi wè rebèl M23 yo malgre prezans fòs la kontinye ap anviyi lòt lokalite. Nou vrèman pa ka konprann bagay saa».

Sòlda Kenyen yo te kòmanse rive Goma nan mwa novanm 2022, anviwon yon lane aprè rebelyon mouvman 23 mas la ( M23) ak soutyen Wonda ki ap mache okipe anpil provens. Otorite Kongolè yo te mande sekou epi envite fòs EAC deplwaye nan peyi a pou ede yo konbat group rebèl yo ki ap pran tèritwa chak jou nan RDC.

Otorite Kongolè yo ak popilasyon an pat kache mekontantma epi kritike troup EAC, pou yo menm ki rantre nan konivans ak rebèl yo olye yo konbat yo. Sof sòlda Biwindi yo ki fè kontrè nan troup la, ki rive lite vrèman ak M23 .

Depi 25 Novanm pase a, nan somè òganizasyon rejyonal EAC , nan yon kominike otorite Repiblik Demokratik Gongo (RDC) te di klèman yo p ap renouvle manda fòs EAC ki pa dwe pase 8 Desanm 2023 nan peyi a paske yo estime yo p ap regle anyen serye.

Bertrand Bisimwa ki se prezidan group M23 a deklare sou kont X puiske sòlda fòs EAC yo kòmanse kite RDC, yo p ap kite Kinshasa vin anvayi espas yo te lese pou EAC-FR a.

Anplis, fòs AEC yo, depi 1999 yon misyon òganizasyon Nasyonzini (ONU) ki pote non MONUSCO ki genyen 14 000 sòlda prezan egalman nan RDC. Misyon saa tou otorite Kinshasa yo jije ki pa efikas mande yo kite peyi apati janvye 2024.

Pandan tout katchouboumbe sa yo nan RDC programe eleksyon pou 20 Desanm saa. Aktyèl prezidan Felix Tshisekedi ki te pran pouvwa a nan mwa Janvye 2019 kandida nan eleksyon saa. Suit ak rebelyon M23 a eleksyon yo gen dwa pa dewoule nan 2 rejyon Nò-Kivu.

Otorite RDC yo fè konnen lame peyi yo ap monte an fòs nan moman an sa ki fè yo rete kwè y ap kapab batay kont group M23 a ki se yon danje pou peyi a.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....