Wout nasyonal nimewo 2 Ayiti a bloke maten mèkredi 29 Novanm 2023 a nan nivo aks soti Senchal desann sou Mariani, nan sid kapital la. Se ta lapolis ki ta pran mezi saa pou evite gen viktim nan mitan popilasyon sivil la nan kad operasyon l ap mennen. Bandi tante okipe espas sa a depi kòmansman novanm.

Depi premye novanm, bal pa sispann chante Maryani. Bandi yo ki enstale yo nan zòn nan fouye moun, ransone chofè, kidnape moun, ak koze divès lòt zak teworis. Lapolis fè plizyè tantativ pou deloje bandi yo men rezilta yo poko fè santi.Gang yo tèlman alèz yo gentan tabli pòs peyaj yo, yo menm rive fè sikilasyon. Yo okipe Maryani pase Mèje pou rive Gresye rive jis Lewogàn.

Nan dat 27 novanm ki pase a bagay la ta pral gate, lè lapolis te mete pye l atè, lè yo te debake sou yon machin ki pat idantifye polis pou te fè fas kare ak bandi yo. Nan operasyon sila, anpil nan bandi ki t ap fè resèt te jwenn lanmò. Menm jan tou te genyen viktim nan popilasyon sivil la. Nou ka relate te gen plis pase 6 moun te blese nan yon ti bis.

Ayè 28 novanm lan, divès abitan temwaye yo te wè plizyè kadav soti Maryani pou rive Makòm. Zòn sa yo santi ak mò.

Anpil chofè moto yo di ki te sèvi antèn, oubyen ki te konn bay gidon, mouri san konte gang ak moun ki t ap pase. Pou maten mèkredi 29 novanm sa a, anyen pa chanje, wout la bloke depi bò Senchanl rive Mèje. Machin pa ka frekante wout sa a paske operasyon yo poko fini. Kounye a, Lapolis ap fè alevini. Gen lòt polisye ki met pye yo atè pou goumen ak bandi yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....