Prezidan Repiblik Dominikèn nan Luis Abinader, pa deside fè bak sou anrejistreman done biyometrik sou fwontyè Dominiken an. Se pozisyon Abinader devan medyatè Tony Blair ki deziye pou jere konfli de peyi yo jodi Madi 28 Novanm 2023 a.

Selon prezidan Abinader, fontyè Dominiken an ap rete fèmen pou kèk dezakò ki lye ak kesyon konstriksyon kanal nan bò Ayiti a. Sepandan, fontyè a ouvè pou komès sèlman pandan tout kòmèsan Ayisyen yo ap anrejistre done biyometrik yo. Pou prezidan an mezi sa pèmèt yo byen sekirize teritwa Dominiken an. Malgre dirijan Ayisyen yo te voye jete mezi a aprè ensidan nan fwontyè Nò a.

N ap note, yon gwoup jenn ki te kagoule epi ak zam nan men te deside louvri fwontyè Ayiti-Dominikani an nan nivo Wanament madi 28 novanm 2023 a, kèk èd tan aprè sa, divès otorite rive nan espas la epi re-fèmen fwontyè a. Fwa sa a se otorite lokal yo menm ki fèmen fwontyè a.

Washington Florvil, Centre à la UNE .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841