Daprè yon atik ajans AP, plizyè imigran ki rantre Etazini, spesyalman sila yo ki pase pa fwontyè, twouve yo nan gwo difikilte pou jwenn kote pou yo dòmi. Nan Chicago, gen moun ki oblije ap dòmi nan lakou komisarya polis. Gen sèten ladan yo ki di yo te espere rejwenn yon fanmi oubyen yon zanmi, men malerezman, fanmi oubyen zanmi sa bloke apèl yo, epi mesaj yo voye ba yo, rete san repons.

Angel Hernandez, yon venezyelyen ki gen 20 lane, dil gen desepsyon lè li fin rive New York. Jèn gason sa ki te pase nan forè «DarienGap» (Panama), dil te prevwa desann kay frè yon tonton li. Hernandez dil paka jwenn travay, e li reyalize se « chak koukouy klere pou je yo ».

Pandan Migran sa yo ap pleyen pou move tretman sa pa anpeche kèk migran ki te sou tèritwa Ameriken an depi yon bon bout tan fè jalouzi akoz yo panse nouvo migran yo pi byen trete pase yo.

imigran ki sou teritwa ameriken an depi plizyè lane, ap fè jalouzi paske yo estime moun ki fenk vini yo jwenn plis avantaj pase yo. Nan yon atik ki soti nan ajans AP, imigran sa yo fè konnen, nan kesyon pèmi travay pa egzanp, moun ki pase sou fwontyè oubyen ki benefisye otorizasyon imanitè, jwenn plis opòtinite pase yo. Nan Sid Florid, jounal la revele, imigran sa yo ki la lontan, sanble pa byen akeyi nouvo imigran yo ditou poutèt sa. « Yo fasilite yo tout bagay. Men nou menm kap peye taks nan peyi a lontan, nou pa jwenn menm tretman an », se sa pwotestatè yo di, nan divès mouvman yo deja òganize nan New York, Florida ak Washington.

N ap raple Depatman Deta Etazini te dekouraje tout moun ki t ap tante rantre Etazini ilegal yo nan yon mesaj yo te pibliye.

Sous: Luckson Saint-Vil

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841