Bandi k ap opere nan zòn Maryani depatman Lwès an AYITI, tire sou yon kamyonèt ki t ap pase nan espas la, epi blese pou pi piti 7 pasaje. Sa pase jounen lendi 27 novanm 2023 a. Pou moman sa a, sous nou ki konfime nouvèl la pa ko an mezi pou konnen si gen moun ki ta mouri.

Divès nan moun sa yo ki resevwa bal anba men bandi yo retrouve yo nan lopital Gresye, Leyogàn pou pran swen ka yo nesesite.

Lapolis vle genyen kontwòl tout moun ki blese ak bal e ki ap pran swen lopital nan Komin nan. Dayè fòs lòd reprimande yon responsab lopital nan komin nan ki t ap bay swen ak yon blese ki pat anonse lapolis.

Sa fè plizyè semèn gang yo kontwole Maryani ap fè popilasyon an monte yon kalvè pa do.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....