Ansyen depite Alfredo Junior Antoine pa reponn envitasyon komisè Pakè Pòtoprens lan mèt Edler Guillaume jodi Lendi 27 Novanm 2023 a.

Selon Avoka Ansyen depite a, mèt Sonèt Saint- Louis ki t ap reponn kesyon Jounalis devan pakè Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume pa konpetan ase pou tande ansyen depite Alfredo pou koripsyon. Pakè a pa non plis yon tribinal. Avoka Saint- Louis presize kliyan li an prè pou reponn kesyon lajistis sou akizasyon kont li an men se devan yon tribinal konpetan.

N ap raple, ansyen lejislatè Kenskòf Alfredo Antoine akize nan dènye rapò Inite k ap batay kont Koripsyon Ayiti a (ULCC) Kòm moun ki blanchi 8 638 053,13 goud lajan ONA, pou yon kay li vann enstitisyon an pou loje yon lekòl siperyè sou enfliyans ansyèn direktris adjwen an Stephanie Mondestin.

Pou fini, sou kont twitè ansyen depite Kenskòf la li pibliye:<< Pabliye mwen te pami depite ou te kontakte pou m te entèsede kote prezidan Moïse pou w te vin DG ULCC. Se chak aprè midi ou te nan biwo m. Ou twò sal pou w voye labou sou kostim blan pèp Kenskòf la te mete sou mwen an konze, trèt>>. Donk, eske nominasyon nan fonksyon piblik Ayisyèn nan se yon mannyè pou rale fèy kouvri sa pou gwo Palto yo?

Washington Florvil, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841