Wilford Ferdinand alyas (Tiwil) resevwa plizyè bal anba men lapolis etou jwenn arestasyon l nan sware dimanch 27 Novanm 2023 a nan Gonayiv Ayiti. Li se youn nan ansyen chèf rebèl yo nan lane 2004 sou prezidan Jean Bertrand Aristide. N ap note, premye fwa lè Tiwil te jwenn arestasyon l, se prezidan Joseph Michel Martelly ki te fè libere li.

Wilfort Ferdinand alias Ti Will, se nèg Nèg Raboto Gonayiv, daprè yon sous Centre à la UNE, li resevwa plizyè bal nan Cassandra Hôtel ki sou wout Byenak la. Se ta polisye ki fè pati BI (brigad entèvansyon) yo ki mennen operasyon an.

Ti will resevwa plizyè bal nan pye ak nan dèyè li. Aktyèlman l ap pran swen nan lopital providans Gonayiv
Pandan li kouche lopital la, polisye yo mare yon menòt nan bra Ti Will ki montre li toujou anba kontwòl yo.

Fodner P. Louis, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841