90 jou aprè l fin enstale nan tèt Polis Latibonit, Direktè Depatmantal la, Jean-Louis Paul Ménard, vizite pou premye fwa, vil Senmak jedi 23 Novanm 2023 a.

Jean-Louis Paul Ménard te chita pale ak Komisè Gouvènman jiridiksyon an, Mèt Venson François ak komisè prensipal awondisman an tou pandan vizit li a.

Li profite okazyon an pou li fè konnen li nan faz dyagnostik sitiyasyon an jis pou defini yon plan estratejik pou kwape gang yo ki ap fè kidnaping, vyòl ak vòl nan Depatman an.

Yon òganizasyon dwa moun nan depatman an, «MEDAH Dwazimen», ki gen nan tèt li Mèt Michelet Dorgilles mande popilasyon latibonit lan pote plent nan lajistis kont DDA ki refize pran mezi pou konbat bandi yo.

Jean-Louis Paul Ménard enstale kòm Direktè Depatmantal Polis Latibonit nan dat 23 dawout 2023.

Fodner P. Louis, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841