Aprè plizyè chita pale, propozisyon plizyè dokiman aktè politik ayisyen yo pa janm rive antann yo sou pyès fòmil pou mete peyi a sou ray demokrasi ebyen, group eminan pèsonalite CARICOM yo soumèt aktè politik ayisyen yo yon propozisyon akò semèn saa pou analiz ak reyaksyon.

Nan propozisyon sila CARICOM wè pou ta genyen yon konsèy prezidansyèl ki ta dwe genyen 7 moun ladanl, yon gouvènman antant Nasyonal, yon ògàn ki ap genyen pou kontwole aksyon gouvènman, fè refòm nan konstitisyon an, fòme yon konsèy elektoral provizwa.

Nan propozisyon sila CARICOM fè a tranzisyon an ta dwe dire 18 mwa epi konsèy 7 manb lan ap jwe wòl prezidan e premye minis Ariel Henry ap toujou rete nan plas li.

Toujou selon dokiman CARICOM nan konsèy prezidansyèl la ap genyen 7 moun kote 4 ladanl ap soti nan sektè politik, youn nan sektè prive, youn nan sektè relijye, ak youn nan sosyete sivil la.

Konsèy prezidansyèl la ap ede pou genyen yon pouvwa egzekitif a 2 tèt nan lespri atik 289 konstitisyon ayiti a. Y ap genyen pou jwe tout wòl konstitisyon an te bay yon prezidan.

Y ap aji an kolèj prezidansyèl se antre yo 7 la y ap chita pou chwazi kilès pami yo y ap mete pou prezidan kòlèj la.

Konsèy prezidansyèl la pral travay pou genyen bòn gouvènans, retabli sekirite, òganize bon eleksyon, relanse ekonomi an, poze aksyon imanitè.

Dokiman CARICOM nan propoze tou pou genyen yon ògàn ki ap kontwole aksyon gouvènman an pou fè respekte nòm administratif yo epi pou asire genyen transparans nan aksyon gouvènman. Ògàn sila ap genyen 15 manb ki ap soti nan diferan sektè tankou: asosiyasyon rejyonal, sosyete sivil, profesyonèl, jèn, fanm . Se konsèy prezidansyèl la ki ap nome moun sa yo.

Dokiman CARICOM nan prevwa tou pou genyen yon konsèy sekirite ki mete sou plas pou travay ak fòs sekirite yo Ayiti nan sousi pou retabli lòd.

Pou koze gouvènman antant nasyonal la se premye minis Ariel Henry, siyatè akò 21 desanm, siyatè Kingston yo ak sosyete sivil la ki ap travay pou monte gouvènman an.

Diferan aktè politik ayisyen yo genyen yon dele 2 semèn pou pataje avi yo ak group pèsonalite eminan CARICOM yo. N ap raple nan diferan rankont yo divès pati politik te mande demisyon premye minis Ariel Henry ki enkilpe nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841