Endividi moun pa rive idantifye tiye pandan jounen vandredi 15 Desanm 2023 a pou pipiti 2 moun nan vil Gonayiv (chèf lye depatman latibonit).

Youn nan viktim yo Jackson Pierre yon teknisyen entènasyonal nan domèn mekanik mouri nan Blòk Gatwo aprè l te fin resevwa plizyè katouch.

Jackson Pierre se pwofesè nan Lekòl Pwofesyonèl « United Technicians (UT) » ki sou wout Nasyonal nimewo 1 zòn Gatwo 21.

Direktè UT a, Durelus Bernave, fè konnen asasina Mèt Jackson Pierre se koudi pou lekòl la.

Jackson Pierre mouri kite madanm ak plizyè adolesan.

Lòt viktim nan jwenn lanmòl nan zòn Byenac.

Depi kèk jou, moun nan popilasyon sivil la ap atire atansyon otorite polisyè ak jidisyè sou zak asasinay ki gen tandans ap moute nan plizyè katye nan site lendepandans lan.

Semèn pase a yon chofè taksi moto mouri ak bal nan blòk K-jòj.

Malgre apèl ki lanse nan radyo, reponsab yo pajanm pran kras dispozisyon pou pèmèt fen ane pase nan lapè nan vil Gonayiv.

Pilwen bandi savyen kontinye operasyon san kanpe yo lanse nan lokalite Mowopèy sou Wout Nasyonal #1 an.

Nan yon atak yo fè vandredi aprè midi a sou yon veyikil kap transpòte pasaje, gen 3 moun ki blese gravman grav.

Toujou nan menm zòn nan, bandi ak zam yo tiye 2 gran moun 80 ak 70 lane. Yo kidnape plis pase 10 moun epi pote ale tout sa yo jwenn sou wout yo.

Nan Lakwa Peris/Jwanis (premyè seksyon komin Lestè) bandi yo kontinye ap kidnape tout moun ki frekante zòn sa a.

Preske 4 mwa depi l enstale nan depatman an, Direktè polis la, Jean-Louis Paul Ménard, pa janm anonse kisa kap fèt pou demantle bandi ak zam kap teworize popilasyon an.

Sous: AAP

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841