Atravè Minis Emmelie Prophète Milcé, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik blame komisè gouvènman A.I Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin ak komisè gouvènman A.I Okay la, Ronald Richemond, nan yon lèt minis Milcé adrese a chak komisè yo ki date 15 desanm 2023. 2 komisè sa yo te gen yon bouch gonfle depi semèn nan paske komisè Muscadin te ale mennen yon operasyon sou tèritwa komisè Richmond.

Minis jistis la, Emli Pwofèt (Émmelie Prophète) voye yon lèt blam bay komisè Miskaden (Muscadin) chèf pousuit jiridiksyon Miragwàn, nan dat 15 desanm pase a, pou tèt li di komisè a depase limit lalwa ba li paske li te di l al chèche arete chèf gang Maryani an, Boutba, jis Okay ki se jiridiksyon komisè Richmon (Richemond). Minis Jistis la rale zòrèy Miskaden kote l mande l pou l aji selon lalwa nan lèt sila a, epi pou l pa envante koze ki pa nan atribisyon li.

Ministè Jistis la rapousuiv pou l di gen bagay komisè Miskaden ap fè se li ki envante yo, e li pa gen dwa sa a, tankou ekip moun li gen ak li k ap bare wout.

Yon lòt kote Ministè Jistis blame komisè Richmon tou, nan menm dat la, nan yon lèt, li di ki te gen vye konpòtman nan plede tanpete, joure ak komisè Miskaden nan medya. Minis la di sa pa fè lònè 2 mesye yo.

N ap siyale minis jistis la poko janm bay jistis ak moun bandi ap fè kite kay yo, kidnape yo e vyole fanm ak tifi yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....