Monseyè Victor Manuel Fernandez siyen epi remèt «Pap François» yon dokiman lendi 18 desanm 2023 a ki bay fevè ak «Pè» yo nan legliz katolik pou yo beni koup masisi ak madivin, pou evite diskriminasyon.

Nan kad presizyon yo pote sou nouvèl desizyon sa, responsab dikastè yo di, nan yon dokiman kote Pap François apwouve, benediksyon sa y ap pale a p ap janm fèt nan menm moman ak yon seremoni sivil, ni menm gen relasyon ak yo. “ Li posib pou beni koup ki nan sitiyasyon iregilyè yo e koup moun menm sèks yo, sou yon fòm ki pa dwe fikse ritwèlman pa otorite eklezyal yo, nan objektif pou pa pote konfizyon pa rapò ap benediksyon ki pwòp ak sakreman maryaj ”, eksplikasyon dirijan Vatikan yo.

Benediksyon sa yo ka fèt nan moman pèlerinaj ou priyè an gwoup. Sa dwe dewoule kòm de seri zak devosyon, toujou selon responsab yo.

Se premye fwa legliz bay klè kou dlo kòk posibilite pou beni koup moun menm sèks yo (masisi ak madivin). Toutfwa, gen yon gwoup konsèvatè anndan legliz la ki opoze ak desizyon sa.

Fòk nou presize, nan lane 2021, menm Vatikan sa te deklare omoseksyalite se yon « peche » epi te konfime pa gen posibilite pou koup masisi ak madivin yo resevwa sakreman maryaj.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....