Difanel JEUNE moun komin Savanèt, Depatman Sant mouri anba bal lapolis akoz polisye yo te al arete pou yon telefòn yo di li jwenn ki pèdi, mèt telefòn nan jwenn li nan men li, mèt telefòn nan reklame li epi li pa deside remèt telefòn nan, Mèt telefòn nan pote plent lapolis yal arete li, li pete batay ak polisye yo e li rive resevwa bal bò kou. Se sa plizyè abitan temwen rapòte ak jounal la.

Tousuit aprè lanmò jenn gason an, kèk manb nan popilasyon ki te ankolè te deside al tire revanj sou polisye yo. Polisye yo te kouri chape pou yo kite komisarya pou yo pa t viktim anba kolè kèk manb nan popilasyon an.

Aktyèlman otorite yo fèmen pòt Komisarya Savanèt la aprè polisye yo te kouri kite li.

Responsab sou komisarya ,enspektè Wilner Décamps, ki li menm pat sou plas kote aksyon an pase a, rive pran anpil kou pandan li t ap eseye chape pou l li pou evite li viktim anba menm endividi nan kominote a ki an kòlè ,jiskaske tèt li menm arive pete.

Lòt 2 polisye ki tap tante fè arestasyon an kaval nan raje. Gen plizyè zam ke jenn gason ki te anvayi komisarya a vòlè andedan an.

Nap raple ,Savanèt pa janm gen plis pase 3 polisye pou bay sèvis ak plis pase 42 000 abitan.

Florince Fragile, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841