Nan vil Mibalè, polisye UTAG arete plizyè moun pami yo Norelus Jean Michel alyas Dunel ki gen 33 lane. Arestasyon yo fèt lendi 22 jiyè 2024 la. Lapolis anonse yo repwoche Dunel kòm moun ki ta nan konivans ak gang Wawa, Patoutou ak Bertin ki opere Fon Djab zòn Tè Wouj ak Fon Cheval. N ap note, Dunel deklare bay lapolis tout sa l ap fè yo se anba lòd yon gwo chèf nan depatman an lapolis pa deside site non. Toujou selon lapolis, Dunel se youn nan moun ki « enfiltre » gwoup rezistans k ap lite kont gang nan Mibalè ak rès depatman Sant lan.

Dunel se yon jenn mekanisyen ki te abite Santo 25 nan kwadèboukè, nan peryòd konfli ame yo t ap monte anbil nan kwadèboukè li te kite Santo pou li te vin tabli kò li nan yon lokalite ki rele Mèy nan Mibalè kote li te vin mete garaj.

Nan moman bandi Kanaran yo te atake vil Mibalè kote popilasyon an t ap defann tèt li kont bandi ebyen Dunel li menm se youn nan moun ki te nan mouvman sa yo tou pou kwape bandi pou evite bandi vin tabli baz yo nan Mibalè.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841