Direksyon Jeneral Enpo (DGI ) ki ratache ak Ministè Ekonomi ak Finans mande komisè gouvènman Gonayiv la, Guiverna Guillaume, pou pran bon jan mezi pou sekirize tè Leta yo sitou nan lokalite Mòn blan, 2è seksyon Basen Manyan.
Selon denonsiyasyon divès sitwayen, tè sa yo Leta revandike gentan ap vann byen chè ak patikilye.
Selon DGI Leta achte 300 kawo tè nan fanmi Bien-Aimé. Tè sa yo apante epi anrejistre nan DGI. Nan lane 2011, sou gouvènman Joseph Michel Martelly, leta ayisyen vèse yon pati lajan bay fanmi Bien-Aimé sa pa anpeche fanmi an kontinye ap vann menm tè Leta te achte yo ak lòt moun.
Nan yon lèt ki pote dat 24 avril 2024, pakè gonayiv resevwa nan dat 1e Dawou 2024, Direksyon General Enpo eksplike pakè a genyen yon ekip nèg ki moute sou plizyè kawo tè leta achte pou konstwi epi relokalize divès enstitisyon piblik nan Gonayiv.
Lèt sa a ki pote siyati Direktè Jeneral Jean Emmanuel Casseus site lopital Lapwovidans Gonayiv, yon sant tretman dechè, prizon, Inivèsite piblik latibonit (UPAG), Akademi Kreyòl peyi dayiti, Eveche Gonayiv-Inivèsite Notre Dame- konplèks sosyo kominitè ak espòtif ak sant operasyon ijans.
Direksyon Jeneral Enpo di li swete komisè Gouvènman mete aksyon piblik an mouvman pou chase tout vòlò tè epi mete espas yo disponib pou Leta ka reyalize pwojè li yo.