Nan konsèy Minis ki pwograme pou demen jedi 29 out 2024 la, ap genyen sis (6) projè dekrè ak kat (4) pwojè arete ki ta dwe fè objè diskisyon.

Pami 4 pwojè dekrè yo ap genyen kreyasyon kat (4) tribinal premyè enstans nan 4 komin diferan: Beladè, Janrabèl, Wanament ak Lenbe.

Ap genyen tou yon salè adisyonèl ak anplwaye administrasyon piblik la chak ane ant 20 ak 31 out pou re-ouvèti klas.

Toujou nan dekrè yo ap genyen yon dekrè ki pran pou kraze Sant Nasyonal Ekipman (CNE) epi materyèl yo ap transfere jwenn lame Ayiti.

Toujou nan konsèy Minis yo ta dwe genyen kat (4) arete ki pran: nominasyon direktè jeneral Ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn. Renouvèlman eta ijans sekirite sou tout peyi a.

N ap souliye, konsèy minis yo ki te dwe dewoule jodi mèkredi a repòte pou demen jedi 29 out 2024 la.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841