Nan yon reyinyon Pakè Mibalè a ki gen nan tèt li mèt Odania BLANC, akonpanye 3 lòt sibstiti yo: M. Jean Thomas LANS, Josué DECILMA, Maxo MARY CHARLES, te chita pale ak Laprès jounen lendi 16 septanm 2024 la nan lokal Pakè a.

CG BLANC fè konnen li vle kolabore ak Laprès pou li rive abouti ak bon jan rezilta pou jiridiksyon li a. Selon li, Laprès ap fè yon travay ki sanblab ak sa l ap fè a. Konsa, li te kesyone jounalis yo sou atant yo de pakè a.

Plizyè jounalis te mande pou CG a fè travay li san pati pri, pou rive mete lòd nan dezòd. Yon lòt bò, jounalis yo te pwofite poze plizyè kesyon ak bòd la pami yo: Zafè dosye jounalis Nehemie JOSEPH la, pri gaz la ki pa janm bese nan jiridiksyon an, entòks (fo enfòmasyon) ki pa sispann twouble lapè piblik, zafè tè sitwayen yo k ap pèdi, elatriye…

CG a fè konnen suit ak yon nòt pakè Mibalè te pibliye 9 sept pase a pou « egzije » mèt ponp gaz yo respekte pri Leta Ayisyen fikse a ki se 560 goud galon gazolin, 660 goud dizèl, puiske pwopriyetè yo te mande delè pou rive 16 sept, jodi a, CG Odania BLANC fè konnen demen madi 17 sept nan, tout ponp dwe bese pri galon gaz yo

Nan sa ki gen pou wè ak zafè tè, CG a fè konnen pakè a pa trete dosye tè, sof si dosye a ta gen faz penal, si non, pakè a p ap chita sou sa.

Nan sa ki gen pou wè ak dosye rimè k ap kouri fè konprann bandi ap antre ou byen gen tan Mibalè, li fè konnen y ap mete bon jan ransèyman pou rive demaske moun oubyen gwoup ki pran plezi nan twouble lapè piblik a rimè sa yo.

Nan sa ki gen pou wè dosye jounalis Nehemie an, li fè konnen se yon dosye ki nan apèl, Pakè a ap pran mezi nesesè yo.

Yon lòt bò, suit ak mouvman jedi pase a ki te fè kwè plizyè manm “RESPOSEM” te gen manda, responsab yo fè konnen pou gen kolaborasyon fòk pa gen ipokrizi. Yo demanti tout enfo ki te fè kwè “REPOSEM” te achte materyèl administratif pou plis pase 15 000 goud. Responsab yo fè konnen Pakè Mibalè a pa resevwa menm yon epeng ti tèt nan men “REPOSEM”.

N ap note, Pakè Mibalè a gen repitasyon yon boutik san etajè k ap vann jistis tout jounen.

Èske moun awondisman Mibalè a kapab espere yon lòt bagay de Pakè Mibalè pandan mèt Odania BLANC ap dirije l la ? Se kesyon anpil moun ap poze.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841