Se misyon pèmanan Ayiti nan OEA ki anonse nouvèl la sou paj Facebook li jedi 3 Oktòb 2024 la, kote l souliye sòlda Salvadoryen yo ap rive an Ayiti nan jou k ap vini yo.

Akò sa siyen ant reprzantan Ayiti nan OEA, Gandhi Thomas ak reprezantan Salvadò nan OEA, Wendy Jeannette Acevedo Castillo, selon sa Misyon pèmanan Ayiti nan OEA fè konnen.

Otirite yo pa revele konbyen sòlda peyi Salvadò ap voye an Ayiti, men yo souliye se yon etap enpòtan nan batay y ap mennen kont gang yo.

Gras ak akò sa, Ayiti pra l « pwofite ekspètiz salvadò nan kwape gang kriminèl », selon misyon pèmanan Ayiti nan OEA.

N ap raple Misyon Miltinasyonal la, ki gen nan tèt li peyi Kenya, gen anviwon 600 polisye kenyan ladan l. Prezidan Kenyan William Ruto, pwomèt pou voye 600 lòt avan ane a fini, toujou nan lide ede PNH la kwape aktivite gang yo.

Semèn pase a, peyi Gine te manifeste enterè l pou l fè pati de fòs miltinasyonal la. Gine pwomèt yon kontenjan 650 polisye ak jandam

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841