Biwo kominikasyon primati Ayiti anonse madi 8 Oktòb 2024 la, premye Minis ki ranplase Garry Conille pandan voyaj li nan peyi etranje Carlos Hercule, sou demand Premye Minis titilè a òganize yon rankont pou monte yon group ak divès sektè pou akeyi migran Ayisyen yo.

Yon rankont ki te genyen divès ministè tankou: Finans, zafè sosyal, sante, kondisyon fanm ak dwa fanm, delegasyon zafè imanitè, kèk patnè entènasyonal notamman Nasyon Zini.

Yo te diskite sou 6 gran pwen sa yo: akèy migran yo, repètorye migran yo, dokimante epi mete apwen dokiman idantite yo, reyensèsyon migran yo, kòdone kominikasyon pledwaye an favè migran yo.

Minis zafè etranje Ayiti Dominique Dupuy te reyaji ayè yon lòt fwa pou di « nèn brital depòtasyon nou ap asiste a se yon ofans kont diyite moun. Politik migratwa gouvènman dominiken an vyole nòm entènasyonal sou dwa moun ansanm ak obligasyon pou respekte diyite tout moun. Nou kondane ak tout fòs nou zak sa yo k ap demounize sitwayen, e nou egzije respè ak jistis.

Mwen te fè konnen pozisyon sa a ak omològ dominiken mwen e mwen alète enstitisyon entènasyonal ki konpetan yo. Gouvènman ayisyen an ap kontinye travay ak patnè li yo pou akeyi moun ki afekte yo avèk diyite. »

Divès media Dominiken rapòte gouvèneman an deja depòte 4 944 Ayisyen pou premyè semèn depòtasyon an.

N ap raple gouvènman Dominiken an te kominike semèn pase a pou te anonse li pral depòte 10 000 Ayisyen chak semèn ki ap viv ilegal sou tèritwa yo a.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841