Editoryal
Pou anpil Ayisyen, chape anba mizè k ap ravaje peyi yo vin tounen yon nesesite pou siviv. Nan yon peyi kote enstabilite politik, kriz ekonomik, ak katastwòf natirèl tounen yon reyalite chak jou, anpil moun ap chache lavi miyò lòt kote. Youn nan opsyon prensipal ki pi pwòch pou yo se Repiblik Dominikèn, yon peyi vwazen ki souvan wè kòm yon posibilite pou travay ak amelyorasyon lavi. Men, reyalite sa a montre anpil Ayisyen k ap kouri pou lapli nan pwòp peyi yo al tonbe nan rivyè nan peyi vwazen an.
Nan dènyè ane yo, relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn te chaje ak tansyon, espesyalman sou kesyon imigrasyon. Anpil Ayisyen, k ap travèse fwontyè a, souvan rankontre yon reyalite ki pi difisil pase yo te imajine. Travay di ak kondisyon travay degradan, pwoteksyon limite, diskriminasyon, epi nan dènye ane yo, yon gwo vag depòtasyon ap menase lavi ak stabilite imigran sa yo.
Lavi difisil Ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn
Imigran ayisyen yo konpoze yon gwo pati nan fòs travay Repiblik Dominikèn nan sektè tankou agrikilti, konstriksyon, ak sèvis domestik. Malgre kontribisyon ekonomik yo, anpil ladan yo fè fas ak diskriminasyon ak move tretman nan travay yo. Anpil fwa, yo travay san pwoteksyon legal, san papye, epi yo jwenn kondisyon travay ki anba estanda, ak salè ki ba anpil. Pou yo, lavi nan Repiblik Dominikèn vin tounen yon sik malè ak eprèv ki pa twò diferan de sa yo te kite dèyè nan peyi yo.
Anplis kondisyon travay difisil yo, gen yon klima diskriminatwa ki souvan vize Ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn. Diskriminasyon rasyal ak etnik ki dire depi epòk kolonyal la fè relasyon ant de pèp sa yo pi difisil toujou. Kote politik dominiken yo ap aplike mezi pou fè respekte lwa imigrasyon, sitou ak yon ranfòsman depòtasyon, sa vin mete plis presyon sou imigran ayisyen yo, k ap viv ak yon pè konstan pou yo pa arete oswa depòte.
Depòtasyon ak Divizyon Fanmi yo
Dènyèman, politik Luis Abinader ak gouvènman dominiken an sou kesyon imigrasyon vin yon sijè kontwovèsyal. Gouvènman an te pran mezi pou depòte dè dizèn de milye Ayisyen, anpil ladan yo san pwosesis apwopriye oswa menm aksè a asistans legal. Sa lakòz separe fanmi, kote pitit ki fèt nan Repiblik Dominikèn oswa ki gen papye legal pèdi paran yo atravè depòtasyon rapid.
Pou anpil Ayisyen, chape soti nan kriz Ayiti a vin tounen yon batay pou siviv nan Repiblik Dominikèn. Anpil nan yo santi yo bloke ant de reyalite difisil: yon Ayiti kote lavi vin enposib ak yon Repiblik Dominikèn kote yo fè fas ak repiyans ak repouse.
Yon Solisyon Ki Mande Angajman

Solisyon an pou pwoblèm sa yo mande pou gouvènman yo, òganizasyon entènasyonal yo, ak sosyete sivil la antre nan dyalòg epi jwenn yon fason pou trete kriz sa a ak diyite. Li nesesè pou yo jwenn yon balans ant bezwen Repiblik Dominikèn pou kontwole imigrasyon li, pandan y ap respekte dwa moun, epi ofri Ayisyen opòtinite viv ak travay nan kondisyon ki apwopriye.
Kòm mond lan ap gade, se pa sèlman yon kesyon de politik imigrasyon, men de diyite moun. Si pa gen amelyorasyon nan fason Ayisyen yo trete, relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn ap kontinye rete sou tansyon, epi kriz la ap vin pi grav. Yon jès nan direksyon diyite ak jistis kapab sèlman pote yon amelyorasyon reyèl nan lavi moun sa yo k ap kouri lapli Ayiti pou yo pa tonbe nan rivyè Repiblik Dominikèn.
Pwopozisyon direksyon jounal
Nou panse pou rezoud pwoblèm imigrasyon ak relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, li nesesè pou devlope yon solisyon konplèks ak plizyè dimansyon. Men kèk etap kle ki ta ka ede amelyore sitiyasyon an:
1. Dyalòg Diplomatik Konstriktif ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn
Gouvènman Ayiti ak Repiblik Dominikèn ta dwe angaje nan yon dyalòg diplomatik soutni ak ouvè, sou baz respè mityèl. Yo dwe adrese pwoblèm imigrasyon an ak yon apwòch k ap pwoteje dwa imigran yo pandan y ap respekte bezwen chak peyi. Komisyon binasyonal sou imigrasyon ak dwa moun ta dwe etabli oswa ranfòse pou jwenn solisyon dirab pou imigran yo, epi pou anpeche konfli fwontyè.
2. Pwoteksyon Dwa Moun ak Mezi Legal Apwopriye
Yon pwoblèm kle nan depòtasyon yo se mank pwosesis apwopriye ak vyolasyon dwa moun. Repiblik Dominikèn ta dwe aplike mezi pou asire ke depòtasyon fèt nan kad lejislasyon entènasyonal sou dwa moun. Gouvènman an ta dwe kreye yon pwogram regilarizasyon transparan ak ekitab pou imigran ayisyen ki viv nan peyi a depi lontan, ak aksè a jistis lè gen abi.
3. Kolaborasyon ekonomik pou Amelyore Kondisyon Vi Ayisyen yo
Yon lòt aspè kritik se amelyore kondisyon lavi Ayisyen nan peyi yo. Gouvènman ayisyen an dwe travay ak patnè entènasyonal pou devlope politik ekonomik ki amelyore sitiyasyon anndan Ayiti, fè refòm agrikòl, amelyore enfrastrikti, ak kreye opòtinite travay. Repiblik Dominikèn ak lòt peyi nan rejyon an kapab jwe yon wòl nan sipòte pwojè devlopman sa yo atravè koperasyon ekonomik. Si Ayisyen yo gen opòtinite viv nan diyite lakay yo, migrasyon nan Repiblik Dominikèn ta dwe diminye.
4. Sistèm Fwontalye Pwogresif ak Efikas
Otorite yo dwe travay ansanm pou etabli yon sistèm fwontalye ki pi efikas ak òganize. Olye de repiyans sou fwontyè a, yon sistèm viza travay sezonye oswa pwogram travayè migran ta ka mete an plas pou pèmèt Ayisyen antre legalman pou travay pandan yon peryòd tan defini, pandan y ap retounen nan peyi yo apre sa. Sa ta ede kontwole migrasyon ilegal epi pwoteje travayè yo kont eksplwatasyon.
5. Konsyans Piblik ak Edikasyon kont Diskriminasyon
Yon pwoblèm fondamantal se prejije ak diskriminasyon istorik ki egziste kont Ayisyen nan Repiblik Dominikèn. Gouvènman ak òganizasyon sosyete sivil yo dwe pran mezi pou edike piblik la, batay kont zenofobi, epi ankouraje yon kilti respè ak enklizyon. Kanpay sansibilizasyon sou kontribisyon imigran ayisyen nan ekonomi dominiken an ta ka ede diminye diskriminasyon sosyal yo ap fè fas.
6. Soutyen Kominote Entènasyonal la
Kominote entènasyonal la dwe jwe yon wòl sipò, espesyalman nan kad òganizasyon tankou Nasyonzini (ONU) ak Oganizasyon Etazini Amerikèn (OEA). Yo ta dwe sipèvize pwosesis depòtasyon ak asire ke respè dwa moun ak règ entènasyonal yo suiv. Sipò finansye ak lojistik ka ede tou nan aplikasyon pwogram devlopman an Ayiti ak nan jere kriz imigrasyon an pi byen.
Pou rezoud pwoblèm kouran sa a, ni Ayiti ni Repiblik Dominikèn dwe montre volonte politik pou travay ansanm sou yon solisyon dirab ki asire pwoteksyon dwa moun pandan y ap reglemante imigrasyon nan yon fason jis. Avèk koperasyon rejyonal ak entèvansyon entènasyonal, yo ka jwenn yon balans ki pèmèt tou de pèp yo viv nan lapè ak diyite.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE