Asasina jounalis Néhémi Joseph 10 oktòb 2019 nan Mibalè reprezante yon gwo trajedi pa sèlman pou fanmi ak zanmi li, men tou pou jounalis yo nan peyi a ak dwa libète lapawòl. Jiska jounen jodi a, Ayiti poko janm jwenn jistis pou zak san manman sa a, sa ki vin ranfòse kwayans ke sistèm jidisyè peyi a febli devan fòs kriminèl yo ak enpinite k ap gaye.

Yon Krim san konsekans Néhémi Josephe te yon jounalis devwe ki travay nan yon kontèks ki deja danjere pou laprès. Lè yo asasinen li, anpil moun te panse ke sa ta pral sèvi kòm yon apèl pou aksyon konkrè nan lit kont vyolans ak enpinite nan peyi a. Sepandan, plis pase kat lane apre, dosye a toujou san avansman reyèl. Jistis la pa ka rive pou Néhémi, e sa kreye yon vag desepsyon nan kominote a ki kontinye mande mete anba kòd vrè koupab yo.

Enpinite:
Yon baraj kont pwogrè sistèm jidisyè Ayiti a depi lontan ap batay ak reta, koripsyon, ak mank resous. Asasina Néhémi a, tankou plizyè lòt ka ki enplike jounalis, rete nan yon eta limbo kote ni otè entelektyèl krim yo pa idantifye, ni pa genyen konsekans pou krim sa yo. Sa kreye yon kilti enpinite kote moun ki ta dwe defann jistis la ap pèdi lafwa nan sistèm nan. Si yon krim kont yon jounalis ki travay pou fè verite eklate rete san jijman, ki lespwa ki genyen pou lòt sitwayen yo?

Libète lapawòl anba menas asasina Joseph a montre ki jan laprès an Ayiti anba gwo menas. Jounalis yo ap travay nan yon anviwònman kote kritik kont pouvwa politik oswa gang yo ka koute lavi yo. Sa fè n sonje ke libète lapawòl, yon dwa fondamantal nan nenpòt demokrasi, an menas an Ayiti. Jounalis ki ta dwe jwe wòl gadyen demokrasi a ap vin viktim, epi sa fè silans anvayi espas piblik yo.

Yon apel pou Jistis pandan nou ap sonje Néhémi Joseph, nou pa ka bliye batay kont enpinite a dwe kontinye. Kominote entènasyonal la ak asosyasyon jounalis nan peyi ak lòt nan depatman sant peyi a tankou MOCEC, ap fè presyon sou otorite ayisyen yo pou asire ke jistis fè chemen li. Men, san yon refòm fondamantal nan sistèm jidisyè a ak yon angajman reyèl pou pwoteje jounalis, Ayiti ap kontinye rete prizonye nan yon sik vyolans ak enpinite.

Aprè odonans jij enstriksyon an Edwige Dorsainvil nan mwa mas 2024, dosye lanmò jounalis Néhémi Joseph te transfere nan Lakou Lapèl. Sa vle di dosye a te konplete nan faz enstriksyon an e kounye a se Lakou Lapèl ki pral deside sou suiv dosye a. Sa ka vle di ke ka a pral sibi yon jijman final oswa yon etid pi pwofon anvan jijman an.

Selon odònans sa Ansyen Senatè Rony Celestin, aktyèl ajan egzekitif enterimè Lauchard LAGUERRE, Chandou Clerjeune, Elionel Casséus, Angelina Fabiola Cameau, Rosevald Douyon, Huguens Charles, ak Lenel se non ki te site kòm moun enkilpe nan lanmò jounalis Néhémi Joseph. Dapre rapò sou dosye a, yo ta gen lyen ak asasina Néhémi Joseph, ki te fèt nan Mibalè 10 oktòb 2019.

Sa montre ke otorite yo te idantifye plizyè moun ki sispèk, men pwosesis jidisyè a toujou pa avanse jan li ta dwe. Jiskaprezan, kesyon de jistis pou Néhémi Joseph rete yon sous dezolasyon ak enpinite pou fanmi li ak kominote jounalis la, sitou akòz enplikasyon non anpil gwo zotobre nan zak la.

Dosye asasina jounalis Néhémi Josephe nan 10 oktòb 2019 poko jwenn yon pwononsyasyon klè nan lajistis, e anpil sispèk ke sa se akòz gwo figi politik oswa gwo zotobre ki ta gen yon wòl kòm otè entelektyèl zak sa. Sa reflete yon gwo pwoblèm nan sistèm jidisyè Ayiti, kote enpinite ap taye banda, epi moun ki gen pouvwa yo itilize enfliyans yo pou evite responsablite.

Nan ka sa a, li posib ke enplikasyon gwo zotobre yo te kontinye bloke pwosesis la. Se pa premye fwa nan listwa Ayiti kote zak kriminèl kont moun ki fè travay sansib, tankou jounalis oswa defansè dwa moun, rete san sanksyon paske moun ki gen pouvwa a itilize koneksyon yo pou fè lajistis fè bak.

Lè zak konsa rive san jijman, sa voye yon move mesaj nan sosyete a: se moun ki pi fèb yo ki soufri konsekans, pandan moun ki gen pouvwa yo kontinye ap detounen sistèm jidisyè a nan avantaj yo.

Nan ka asasina jounalis Néhémi Josephe, non ansyen senatè Rony Célestin te site fò nan akizasyon ki te fèt pa Senatè parèy li, Willot Joseph, te piblikman akize Célestin kòm youn nan otè entelektyèl zak kriminèl sa. Willot Joseph te fè deklarasyon sa a nan kad yon konfli piblik ant li menm ak Célestin, kote li te mete aksan sou enplikasyon posib Célestin nan asasina jounalis la.

Akizasyon sa a te souke sosyete ayisyen an, men malgre gravite akizasyon yo, dosye a toujou pa avanse nan sistèm jidisyè a. Plizyè obsèvatè kwè ke enpinite ak enfliyans moun ki gen pouvwa yo kontinye fè jistis la estagne, sitou lè gwo figi politik yo enplike.

Zafè sa a se youn nan plizyè ka ki montre mank transparans ak efikasite nan sistèm jidisyè Ayiti a, kote anpil krim kont jounalis ak lòt moun vilnerab rete san sanksyon akoz pouvwa politisyen yo.

Jounal Centre à la Une kontinye ap mande otorite ayisyen yo pou yo bay jistis nan dosye asasina jounalis Néhémi Joseph, ki te fèt nan Mibalè 10 oktòb 2019. Jounal la lanse apèl repetitif pou mande ke lajistis mete anba kòb tout moun ki enplike nan zak sa, san konsiderasyon pou pozisyon sosyal yo oswa pouvwa yo genyen.

Malgre deklarasyon sa yo, lajistis toujou pa rive pran aksyon kont moun ki ta enplike nan asasina a, akòz sipozisyon ke gen gwo figi politik, tankou gwo zotobre yo , ki ta enplike kòm otè entelektyèl. Enpinite nan sistèm jidisyè a kontinye reprezante yon gwo obstak nan dosye sa a, malgre apèl ki fèt pa plizyè sektè nan sosyete sivil la pou jwenn jistis pou viktim nan.

Centre à la Une ak òganizasyon kap defann dwa jounalis yo kontinye sipòte tout mouvman ki pou fè limyè sou zak kriminèl sa, epi pou montre ke moun ki angaje nan travay pou laprès dwe pwoteje e sekirite yo garanti.

Nasyon an dwe leve kanpe, mande jistis, e lite kont enpinite, paske san sa, lavni peyi a rete nan yon kache twoub, kote libète ak sekirite pèdi sans yo.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar

Laisser un commentaire