Pwosè ameriken sou asasina ansyen Prezidan Ayiti a, Jovenel Moïse, antre nan sizyèm semèn li lendi 13 avril 2026 sa a, ak nouvo temwayaj k ap pote plis limyè sou wòl kèk aktè kle nan konplo a.
Apre ansyen senatè John Joël Joseph, se Rudolph “Dodof” Jaar, yon biznisman ki ap kolabore ak lajistis ameriken, ki te pran plas li sou ban temwen an. Pandan temwayaj li, Jaar fè deklarasyon enpòtan sou finansman operasyon ki te mennen nan asasina prezidan an.
Daprè li, li te bay plis pase 150,000 dola ameriken pou soutni operasyon an. Nan montan sa a, li presize 80,000 dola te sèvi pou korompi manm Inite Sekirite Jeneral Palè Nasyonal (USGPN), 30,000 dola pou ekip CAT Team, epi 10,000 dola pou Joseph Félix Badio. Li ajoute tou li te kontribye ak zam pou fasilite operasyon an.
Sepandan, Jaar fè konnen ni li menm ni John Joël Joseph pa t patisipe dirèkteman nan konvwa ki te mennen atak la nan nuit 6 jiyè 2021, ki te fini pa asasina Prezidan Jovenel Moïse.
Temwayaj sa a vini kòm yon lòt pyès enpòtan nan pwosè a, pandan lajistis ameriken ap kontinye fouye pi fon nan rezo ak responsablite diferan moun ki enplike nan zak sa a ki te boulvèse peyi a.
Pwosè a ap kontinye nan Miami, kote plizyè lòt temwen ak prèv yo toujou ap prezante devan tribinal la.