Premye jounen Asiz Nasyonal ki konsakre ak kesyon sekirite, eleksyon ak envestisman ann Ayiti te dewoule lendi 13 avril 2026 nan vil Okay, avèk prezans plizyè responsab leta, aktè ekonomik ak reprezantan dyaspora ayisyèn nan.
Rankont sa a, ki òganize pa Ministè Ayisyen k ap Viv Aletranje (MHAVE), te vize idantifye ansanm kèk solisyon konkrè ki kapab mennen peyi a sou chemen estabilite ak devlopman dirab. Inisyativ sa a montre volonte diferan sektè yo pou ranfòse dyalòg nasyonal la epi sere relasyon ak dyaspora ayisyèn nan, ki kontinye jwe yon wòl enpòtan nan efò transfòmasyon peyi a.

Pami entèvansyon ki te make jounen an, Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), Mesye Elysé COLAGENE, te mete aksan sou enpòtans kontribisyon dyaspora a nan finansman sistèm edikatif la. Li raple valè prélèvman 1.50 dola ameriken sou transfè entènasyonal yo, yon mekanis ki deja sèvi pou soutni edikasyon ann Ayiti.

Daprè responsab FNE a, òganizasyon asiz sa yo se yon siy angajman klè diferan aktè yo pou pousuiv dyalòg la epi chèche mete tèt ansanm ak dyaspora a, ki rete yon patnè estratejik nan devlopman nasyonal la.
Grasa kalite echanj ki fèt yo ansanm ak divèsite patisipan ki te prezan yo, premye jounen an te pèmèt trase bon direksyon pou aksyon piblik yo nan yon dinamik estabilite sosyopolitik ki kapab favorize envestisman nan peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841