Otorite ayisyèn ak dominikèn yo antann yo pou reyouvèti espas anlè yo a, aprè yon rankont ki fèt vandredi 17 avril 2026 la nan pak endistriyèl CODEVI ki nan zòn fwontalyè a. Yon anons ki franchi yon nouvo etap nan relasyon de peyi vwazen yo epi ki make yon lòt paj nan koperasyon ant de peyi yo.
Desizyon pou louvri espas anlè a pral pèmèt Ayewopò entènasyonal Kap-Ayisyen ak plizyè ayewopò dominiken reprann aktivite ki lye yo ansanm. Otorite yo fè konnen tou yo espere sa pral fasilite mobilite sitwayen yo, ankouraje echanj ekonomik ak ranfòse lyen ant de nasyon yo.
Nan mitan diskisyon yo, de delegasyon yo te abòde divès sijè priyoritè, sitou sekirite nan fwontyè a, jesyon fliks migratwa ak kòmès binasyonal la. Echanj yo te kalifye fran ak konstriktif, sa ki tradui yon volonte komen pou avanse sou dosye sansib sa yo.
De pati yo te salye tou api kominote entènasyonal la nan efò pou estabilizasyon an Ayiti, an patikilye wòl Nasyon Ini ak fòs ki angaje yo nan batay kont ensekirite a, tankou Fòs represyon gang nan (FRG).
Delegasyon ayisyèn nan te genyen nan tèt li minis Afè etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, akonpanye plizyè wo responsab pami yo anbasadè Ayiti an Repiblik dominikèn nan, Emmanuel Fritz Longchamp. Bò kote dominiken, minis Afè etranjè Roberto Álvarez te dirije diskisyon yo, antoure ak manm kle gouvènman li an.
Aprè rankont lan, de Eta yo reyafime angajman yo pou kenbe yon dyalòg pèmanan nan objektif pou trete kesyon enterè komen yo. Chèf diplomasi ayisyèn nan bò kote pa l reyitere volonte li pou fè pwomosyon yon diplomasi pwoyaktif, ki oryante vè rezilta konkrè, nan benefis pèp ayisyen an ak ranfòseman patenarya entènasyonal.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE