Depi Donald Trump te antre nan politik, li toujou chache kraze lòd mondyal la jan li te konstwi apre Dezyèm Gè Mondyal la. Nan pawòl li ak aksyon li yo, li montre yon vizyon kote Loksidan ta dwe sèlman yon ekstansyon pou Etazini, yon fason pou fè Amerik vin sèl sant de gravite. Men, vizyon sa a pote anpil kesyon sou sa li vle di pou yon mond k ap vin chak jou pi pliryèl.
Trump toujou ap repete mesaj “America First” li a, epi li fè anpil kritik kont òganizasyon entènasyonal tankou OTAN. Sa fè konprann li vle refè relasyon ant peyi Loksidan yo pou mete enterè Ameriken an pi wo pase tout lòt bagay. Pou li, Ewòp, ki se yon poto mitan istorik nan sivilizasyon Loksidan an, vin tankou yon alye ki pa vrèman enpòtan, menm yon chay lè li pa suiv direksyon Etazini.
Sepandan, vizyon sa a pa pran an kont konpleksite relasyon entènasyonal yo. Loksidan an pa yon konstriksyon militè oswa ekonomik sèlman; li se yon ideyal ki baze sou demokrasi, dwa moun, ak koperasyon. Lè Trump mete enterè Etazini pi wo pase tout lòt valè sa yo, li eseye efase wòl lòt peyi yo ki te bati balans sa a pandan plizyè deseni.
Pi grav toujou, politik sa a ka kraze alyans istorik yo. Peyi Ewopeyen yo, devan yon sitiyasyon konsa, ka vire gade lòt patnè tankou peyi nan Azi ak Lafrik. Sa ta ka ranfòse yon mond kote gen plizyè sant pouvwa, olye yon Loksidan ini. E ironikman, li ta ka fè Etazini pèdi pouvwa li te genyen kòm lidè mondyal.
Nou dwe konprann ke Loksidan pa ka redwi ak Etazini sèlman. Pwoblèm mondyal tankou chanjman klimatik, kriz migrasyon, ak konfli entènasyonal mande yon koperasyon ki depase limit enterè Ameriken an.
Donald Trump, nan efò li fè pou fè Etazini tounen sèl poto mitan Loksidan an, ka finalman detwi sa ki te fè fòs li. Yon Etazini ki izole, menm si li fò, pap ka reprezante yon Loksidan solid.
Nan yon mond ki ap chanje rapid, li enpòtan pou reyafime valè ki ini peyi Oksidan yo, nan yon lespri solidarite ak respè mityèl, olye dominasyon yon sèl peyi sou lòt yo. Sinon, listwa ap raple nou ke lògèy se souvan pi gwo ènmi pwogrè.
Jean Launy Avril
Editoryalis, Centre à la Une