Ann Ayiti, mannigans pou pran pouvwa a ak kenbe l sanble suiv yon prensip ki pa janm chanje: tout mwayen bon, menm si sa fè pèp la soufri. Se yon vizyon yo di ki soti nan teyori Nicolas Machiavel, men ki mal itilize epi ki vin yon trajedi pou peyi nou an.
Makyavel, menm si anpil moun wè l kòm yon filozòf sinik, te toujou mete aksan sou yon lidèchip pragmatik, kote objektif prensipal la se estabilite ak efikasite nan gouvènans yon Leta. Men, nan peyi nou, pragmatism sa a detounen pou sèvi ak vyolans, egoyis, ak enterè pèsonèl, olye pou yo sèvi ak li pou byen tout moun.
Reyalite a klè : atravè manifestasyon vyolan, dezòd planifye, ak manipilasyon politik, gen kèk moun ki rive pran pouvwa epi kenbe l. Men, ki kote sa kite moun ki viktim yo? Kisa ki pase pou mas pèp ki sibi konsekans dezòd sa yo chak jou ? Pa gen dedomajman, pa gen reparasyon, e menm pa gen rekonesans pou moun ki sou premye liy dezòd sa yo, yo sèvi avèk yo tankou zouti pou satisfè enterè pèsonèl.
Logik destriktif sa a pa sèlman detwi enstitisyon yo, li kraze konfyans ki ta dwe egziste ant gouvènan ak gouvène. Politik, olye pou li tounen yon zouti pou chanje lavi moun, vin tounen yon teren batay kote sèl bagay ki konte, se enterè pèsonèl.
Lè a rive pou dirijan Ayiti yo retounen nan sa ki esansyèl : yon gouvènans ki baze sou enterè kolektif, sou bati olye pou kraze. Vyolans pa janm yon solisyon dirab, e dezòd la pa fè anyen lòt bagay pase agrave divizyon sosyal yo.
Pèp ayisyen an merite plis. Li merite lidè ki gen yon vizyon, ki ka depase foli pouvwa a tout pri pou yo ka pote yon avni ki chita sou lapè, jistis, ak devlopman. Ayiti pap janm ka leve si dirijan li yo pa konprann wòl yo se pa domine, men sèvi.
Jean Launy Avril, editoryalis Centre à la UNE