Depi kèk mwa, yon kestyon ap travèse lespri anpil Ayisyen, menm sila yo ki te vle bay tranzisyon an benefis dout la : èske peyi a toujou vrèman nan yon faz pwovizwa, oubyen èske nou deja antre nan yon sistèm kote pwovizwa vin tounen yon fason pèmanan pou dirije peyi a? Paske lè nou pran tan gade reyalite a san pasyon politik, san slogan ak san gwo deklarasyon, anpil siy montre peyi a ap glise dousman nan yon modèl kote kriz la vin nòmal, kote dezòd la vin abityèl, epi kote absans rezilta yo kache dèyè pawòl ak pwomès san fen.
Peyi a prèske kanpe nèt. Enstitisyon yo kraze oubyen pa fonksyone. Sekirite pa egziste nan anpil zòn. Gang ame kontinye ap agrandi enfliyans yo sou teritwa a. Popilasyon an ap viv anba kè sote, anba grangou, anba fènwa ak anba dezespwa. Pandan tan sa, sa nou tande chak jou, se konferans, rankont politik, pwomès sou eleksyon ak diskou sou “retou nan lòd konstitisyonèl”. Men kestyon an rete menm jan : ki kote kondisyon reyèl yo ye pou sa fèt?
Paske eleksyon pa fèt sèlman ak bèl pawòl oubyen ak dat yo bay nan mikwo. Eleksyon mande sekirite. Eleksyon mande estabilite. Eleksyon mande yon minimòm konfyans ant popilasyon an ak Leta. Men ki kote tout bagay sa yo ye jodi a? Lè anpil komin pa menm anba kontwòl Leta ankò, lè plizyè santèn milye moun deplase kite kay yo, lè wout yo pa sekirize, lè popilasyon an pa menm santi lavi li garanti, kijan yon moun serye kapab fè kwè yon eleksyon nòmal posib nan kondisyon sa yo?
Se poutèt sa anpil Ayisyen kòmanse wè kestyon eleksyon sa yo tankou yon gwo teyat politik. Yon seri dat yo lanse pou kalme opinyon piblik, pandan tout moun sou teren an konnen keksoz yo pa reyèlman avanse. Chak mwa gen nouvo pwomès, nouvo kalandriye, nouvo komisyon, nouvo rankont, men peyi a menm kontinye ap plonje pi fon nan kriz la. Se tankou sistèm nan aprann viv ak dezòd la, epi menm jwenn avantaj ladan l.
Nan sans sa a, lè moun kòmanse pale de “premye minis a vi”, se pa nesesèman yon kestyon legal. Se pito yon kestyon politik ak senbolik. Paske lè yon tranzisyon pa gen limit klè, lè okenn objektif pa rive konkretize, lè reta yo tounen nòmal, popilasyon an kòmanse santi pwovizwa a pa vrèman pwovizwa ankò. Li sanble vin tounen yon nouvo modèl pouvwa kote kèk moun dirije san lejitimite elektoral pandan pèp la oblije adapte l ak ensètitid la.
Sa ki pi grav toujou, se silans ki anvayi peyi a. Yon silans lou. Yon silans fatige. Yon silans ki montre anpil moun prèske pèdi espwa nan kestyon politik la menm. Paske chak jou popilasyon an ap fè plis efò pou siviv, pandan klas politik la kontinye ap fè kalkil pouvwa, negosyasyon ak jwèt enterè. Pandan manman ap chèche manje pou pitit li, pandan jèn yo ap kouri kite peyi a, pandan biznis ap fèmen, gen moun ki toujou ap pale tankou si peyi a t ap fonksyone nòmalman.
Men verite a pa bezwen anpil analiz pou wè l : Ayiti pa nan yon sitiyasyon nòmal. Epi pi gwo danje a se lè sistèm nan kòmanse fè moun abitye ak anòmal la. Lè pa gen Lasanble pandan lontan, lè pa gen eleksyon pandan lontan, lè pa gen vrè kontwòl demokratik, epi tout bagay kontinye mache tankou si anyen pa t rive, sa kreye yon gwo kriz moral ak politik nan konsyans nasyonal la.
Paske yon peyi pa ka viv toutan nan tranzisyon. Yon sosyete pa ka bati avni li sou ensètitid pèmanan. Yon pèp pa ka kontinye ap tann pandan lavi li ap kraze chak jou.
Kesyon an jodi a depase kestyon yon sèl premye minis. Li depase kestyon yon sèl gouvènman menm. Se kestyon direksyon peyi a ki poze. Èske nou vrèman ap prepare pou rebati Leta a? Oswa èske nou antre nan yon sik kote kriz la vin tounen yon zouti politik pou kèk moun rete sou pouvwa san okenn rezilta konkrè? Pèp ayisyen an merite plis pase diskou. Li merite plis pase pwomès sou dat eleksyon. Li merite vizyon, sekirite, estabilite ak yon vrè pwojè nasyonal.
Sinon, kestyon “premye minis a vi” a ap sispann yon senp ekspresyon popilè pou li tounen senbòl echèk yon tranzisyon ki pa janm rive fini.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis — Centre à la Une