Bilyonè Elon Musk, prezidan ameriken an Donald Trump te nonmen pou dirije Depatman Efikasite Gouvènmantal la (DOGE) , defann aksyon depatman li Madi 11 fevriye nan Mezon Blanch la, li deklare si yo pa koupe bidjè a, Etazini ap fè « fayit ».
« Nou gen yon defisi $2 milya dola, e si nou pa fè yon bagay sou defisi sa a, peyi a pral fè fayit, » Musk te fè deklarasyon sila bò kote prezidan Repibliken an nan Biwo Oval la.
Musk prezidan Trump nonmen pou dirije « Depatman Efikasite Gouvènmantal la » (DOGE), mete nan ekip li plizyè jèn moun ki nan ventèn yo, ki ap travay nan aparèy federal la depi plizyè semèn ak yon misyon pou yon pi bon itilizasyon fon piblik yo.
Ekip li yo sitou te gen aksè a sistèm pèman ki trè sansib nan Depatman Trezò Ameriken an, e yon jij federal te sispann aksè DOGE ak sitèm nan Samdi.
Opozisyon Demokratik la denonse aksyon pwopriyetè rezo sosyal X la, ke yo konsidere kòm ilegal paske daprè yo Musk pa gen okenn manda elektoral oswa prete sèman pou misyon sa a.