Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, kalifye sitiyasyon Ayiti kòm yon trajedi. Pandan yon antretyen ak prezidan Luis Abinader, jounen jedi 6 fevriye 2025, Rubio envite elit Ayiti yo pran desten peyi yo. Li te pwofite renouvle soutyen Etazini ak fòs miltinasyonal la.

Sekretè Deta Ameriken an pandan vizit li nan Repiblik Dominikèn te abòde kriz peyi Dayti . Marco Rubio bò kote Luis Abinader deklare, nap site: Nou paka mande Repiblik Dominikèn pou aksepte yon vag migrasyon, pa gen okenn peyi nan mond lan kap tolere sa, nou paka egzije RD pou aksepte sa tou.

Ansyen gouvènè Floride lan ajoute tou: Solisyon ak kriz Ayti an, twouvel nan men gouvènman Aysyen an.

Sekrete d Eta Ameriken Marco Rubio pandan yon konferans pou lapres nan Santo Domingo, Repiblik Dominiken, 6 Fevriye, 2025.

Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio deklare « Etazini pran angajman pou l kontinye travay ak fos miltinasyonal Ayiti a.

Rubio fè deklarasyon an nan Santo Domingo, kapital Repiblik Dominikèn, kote li rankontre Prezidan Luis Abinader.

Pandan konvèsasyon an yo te diskite sou Ayiti. Rubio konfime ke vreman vre Etazini siyen yon pèmi pou kontinye finanse misyon (MMS) la.

« Nou pral kontinye apiye misyon an » Rubio fè konnen.

Li di li te pale ak Prezidan Kenyan William Ruto jodia pou « ranfose angajman sa a. »

Rubio presize ke Etazini deside « fè yon eksepsyon » pou fos miltinasyonal la nan moman li jele tout asistans etranje lap bay, ann atandan yo revize angajman sa yo pou asire yo ann ako ak politik « Amerik an Premye » Prezidan Donald Trump la.

Rubio di Etazini deside fè eksepsyon pou pwogram ki kontribye ak sekirite Etazini ak emisfè a, jan fos miltinasyonal Kenya ap dirije a fè a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841