2 Jou aprè 60 ofisye salvadoryen yo finn debake nan peyi a , jan sa te anonse a , Peyi Salvadò livre jedi 6 fevriye 2025 lan, 3 elikoptè CASAVECA ak MEDEVAC pou sipòte fòs miltinasyonal la, Elikoptè sa yo pral sèvi pou ranfòse kapasite operasyonèl misyon an ki tap fè fas ak yon pwoblèm lojistik ak materyèl depi nan kòmansman misyon an .

Yon lòt pa, pou yon total 59 machin Anbasad Kanada fè ak fòs polis Ayiti a, gen 42 ki livre, jounen jedi 6 fevriye 2025 lan. Don sa rantre nan kad koperasyon ant anbasad Kanada Ayiti ak Biwo Nasyonzini Sèvis Apui ak Pwojè (UNOPS).Yon lòt bò, Ofis Nasyonzini Kont dwòg ak Krim (ONUDC) bay PNH 31 veyikil, ladan l gen 12 pikòp Toyota, ak motosiklèt.
Seremoni an te dewoule devan anbasadè Kanada, François Giroux.
42 machin UNOPS yo pral ranfòse kapasite operasyonèl penitansye yo, epi 31 veyikil ONUDC yo pral jwenn POLIFRONT

Pandan menm jounen an yon katriyèm kontenjan polisye Kenya rive an Ayiti pou ede Polis nasyonal la, 200 nouvo polisye sa yo rejwenn anviwon 600 ki te la deja depi plizyè mwa, ki tap travay ansanm ak polis nasyonal la, aktyèlman fòs miltinasyonal la genyen plizyè nasyonalite ladanl tankou, Jamayiken, Gwatemaltèk, ak Salvadoryen, kòmandan an chèf misyon an, Godfrey Otunge, deklare yo prè kounyea ak tout fòs yo pou misyon an kòmanse bay rezilta.

Nouvo polisye sa yo vini nan yon kontèks kote pwoblèm finansman poze pou kontinwite fòs miltinasyonal la, Kòmandan an chèf misyon an demanti pawòl ki fè kwè misyon an manke lajan, li di misyon an ap kontinye pi rèd, chèf la souliye gen plizyè peyi ki ap finanse yo, tankou: Espay , Meksik.

avèk 200 polisye sa yo ki rive jodia, fòs miltinasyonal la gen kounyea yon efektif ki plis pase 1000 polisye, kounyea se rezilta ki ta dwe kòmanse bay pou soulaje pèp Ayisyen an.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841