Minis sante piblik ak popilasyon Ayiti a Doktè Sinal Bertrand trouve li nan peyi Laswis nan 156èm asanble jeneral Òganizasyon Mondyal Sante a ( OMS), nan lide pou miltipliye relasyon bilateral yo pou amelyore sistèm sante a nan peyi a.

Nan okazyon an minis lan profite rankontre direktè jeneral OMS la ak reprezantan GAVI a ki okipe li de problèmatik mondyal vaksinasyon yo.

Minis Sinal te profite okazyon an tou pou te diskite ak reprezantan ONU- SIDA a nan sousi pou abòde problèm ki lye ak PV-VIH a Ayiti nan kontèks kote prezidan Donald Trump kanpe finansman USAID yo pou yon peryòd 3 mwa ki vrèman afekte moun PV-VIH yo Ayiti.

N ap raple Doktè Sinal Bertrand pa gen twòp tan depi li pran fonksyon kòm minis sante.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841