Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean te patisipe, jounen lendi 17 fevriye 2025 lan, nan otèl Karibe nan Petyonvil, nan jounen lansman pwogram soutyen psikososyal pou akonpaye jounalis viktim nan trajedi 24 desanm 2024 la ki te pase Lopital Jeneral. UNESCO te òganize aktivite sila a nan kolaborasyon avèk Kolektif medya an liy yo, nan prezans kèk gwo pèsonalite nan Leta a tankou minis Jistis ak Sekirite piblik la Patrick Pélissier, minis Kilti ak Kominikasyon an Patrick Delatour, minis delege pou Solidarite ak Zafè Imanitè a Herwil Gaspard epi Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias.

Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean salye gwo inisyativ sila a ki vize akonpaye viktim trajedi 24 desanm 2024 yo. Nan non Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), li renouvle angajman l pou l travay pou retabli lapè nan peyi a. Li fè konnen kriminèl yo dwe reponn kesyon lajistis. Nan sans sa a li tou pwofite raple prensipal prewokipasyon KPT a pou moman an ki se : Fè lagè kont bandi.

Manm gouvènman yo te pran lapawòl pou felisite epi remèsye UNESCO pou aktivite a. Yo pwomèt tou pou angaje yo pou libète ekspresyon ak tout lòt dwa jounalis yo respekte nan peyi a.
Bò kote pa li, Reprezantan rezidan UNESCO nan peyi a Eric VOLI BI, fè konnen pwogram sila a vize akonpaye espesyalman tout jounalis ki twomatize nan evènman an. Nan sans sa a li pwomèt, nan non òganizasyon an, pou mete yon espas espesyal pou jounalis viktim yo pandan 2 mwa. Se ap yon espas konfidansyèl kote y ap ka libere tout emosyon negativ ki twomatize yo.

N ap raple nan fen aktivite a, òganizatè yo te bay Foto-Jounalis Jean Feguens Regala, yon sètifika pou onore l pou fason l te akonpaye kòlèg li yo ki te blese nan sikonstans lan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841