Suit ak dosye koripsyon ULCC enplike li, Jij Loubens Élysée bay lòd pou arete ansyen Minis Aviol Fleurant pou koripsyon epi fò deklarasyon patrimwàn.
Ansyen minis planifikasyon an te refize reponn konvokasyon jij la paske gen enfòmasyon ki tap sikile kòmkwa jij la gen entansyon tou arete ansyen minis lan.

Selon yon rapò inite k ap lite kont koripsyon (ULCC), Aviol Fleurant te fè fo deklarasyon patrimwàn pandan peryòd 2016 – 2018.

Pandan peryòd sa a, ansyen minis Planifikasyon an ta kache 75,207,339.29 goud.

Selon ULCC, Aviol Fleurant ranmase richès yon fason ki « ilegal ».

ULCC souliye ansyen minis Planifikasyon an gen plis pase 100 milyon goud ki depoze sou kont li alòske kantite revni li se anviwon 29 milyon goud.

Anplis de sa, akizasyon an di Aviol Fleurant achte sou non pitit li 2 kay nan Peggy-Ville pou 75 mil dola ameriken.

Pi lwen ULCC fè konnen Aviol Fleurant ak madanm li gen 16 kont labank. 7 kont an goud, 9 an dola ameriken.

Aviol Fleurant te refize vin reponn kesyon lajistis sou dosye koripsyon sila a, sa ki pouse jij Loubens Élisée mete yon manda dèyè ansyen minis la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841