Lapolis arete pwofesyonèl sèks Joane Jeune pou asasina yon kanbiz nan yon otèl nan Vètyè

Lapolis arete, madi 18 Fevriye 2025 lan, pwofesyonèl sèks Joane Jeune, prezime asasèn Emmanuel Sylvestre, yon kanbizki te al pase yon ti tan avèk li nan yon otèl nan Vertières.

Dapre enfòmasyon yon sous polisye bay, Joane te sispèk Emmanuel te gen anviwon 155,000 Goud sou li. Fanmi viktim lan jwenn lajan sa a nan valiz Joane apre arestasyon li.

Prostitue sa a, ki souvan frekante anpil kafe nan peyi a, patikilyèman nan Gonayiv, te rete nan menm katye kote Emmanuel Sylvestre abitye achte ak vann dola ameriken.

Joane Jeune te sèvi ak kouto pou tiye kanpis la nan chanm otèl la nan Vertières. Minm sous polis la di yo pa kwè yo te fè sèks paske yo jwenn viktim lan ak tout rad li sou li, benyen nan san ak anpil mak kouto.

Lapolis te oblije tire anpil kout zam pou evakye prezime asasen an paske yon foul te vle touye li.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841