Otorite yo akize ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Alfredo Antoine pou konplo kont sekirite nasyonal, finansman òganizasyon kriminèl ak konplisite nan asasina.

Yo kontinye pou di yo te patisipe nan destabilizasyon yon pakèt kote nan peyi d Ayiti.

Jiska 10h 30 PM, Ansyen depite komin Kenskòf la Alfredo Antoine pa t ko janm rive DCPJ, kontrèman ak sa li te anonse sou paj fesbouk li madi 18 fevriye 2025 la aprè DCPJ te fin konvoke li. Yon pwòch anketè enstitisyon an ki ta pral tande ansyen depite a jounal la te pale, di nou DCPJ fè tout preparasyon ap tann ansyen depite a. Yon dosye n ap swiv trè prè.

Pou rapèl nan desanm 2023 otorite ameriken te pran sanksyon kont ansyen senatè Nenel Cassy.

Dokiman otorite ameriken yo te pibliye a te di dapre seksyon 7031(c), Depatman Deta deziyen piblikman Cassy pou abi pouvwa apre li te itilize fonksyon piblik li pou patisipe nan aktivite koripsyon ki te minnen entegrite gouvènman Ayisyen an.

Depatman Deta te pran sanksyon tou kont mandanm Katherine Cassy Chery ak tout yon timoun senatè a ki se minè.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841