Refòm politik ak sosyal

Depi Donald Trump fin repran pouvwa a 20 janvye 2025, li mete an aplikasyon yon seri mezi ki chanje direksyon politik Etazini. Nan premye jou li yo, li siyen 73 dekrè ki redwi kantite anplwaye nan administrasyon piblik la. Plis pase 77,000 moun pèdi travay yo swa akòz revokasyon swa akòz demisyon volontè. Li egzije tou tout anplwaye gouvènman an retounen travay an prezans.

Anplis de sa, li adopte mezi ki kont enterè kominote LGBTQ+. Administrasyon Trump la entèdi moun transjan yo rantre nan lame epi li anile plizyè pwogram ki ankouraje divèsite. Mezi sa yo pa sispann soulve gwo deba nan sosyete ameriken an.

Politik etranjè

Sou plan entènasyonal, Trump deside mete Kiba sou lis peyi k ap sipòte teworis. Li siprime sanksyon kont kolon Izrayelyen ki nan Cisjordanie epi li retire Etazini nan Akò Paris sou klima ak nan Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS). Politik sa yo montre Trump vle mete Etazini an premye, san li pa konsidere repons lòt nasyon yo.

Youn nan pi gwo kontwovès ki fèt pandan premye mwa li a se pwopozisyon li fè pou mete Gaza anba kontwòl ameriken. Plan sa a, ki ta mande pou deplase popilasyon Gaza a, se youn nan desizyon ki fè plis polemik, paske plizyè peyi rejte l, sitou nan mond arab la.

Ekonomi ak komès

Nan domèn ekonomik, Trump pran desizyon pou mete 25% taks sou tout pwodwi ki soti Meksik ak Kanada epi 10% sou pwodwi ki soti Lachin. Men, li mete kanpe sanksyon sou Meksik ak Kanada tanporèman apre peyi sa yo aksepte ranfòse sekirite sou fwontyè yo pou konbat trafik dwòg. Mezi sa yo ka gen gwo konsekans sou ekonomi mondyal la.

Reyaksyon ak avni

Desizyon Trump yo kontinye divize popilasyon ameriken an. Pandan plizyè milye moun manifeste kont politik li yo, gen lòt ki kontinye sipòte l paske yo kwè li kenbe pwomès li te fè pandan kanpay li. Jèn Ameriken yo montre pi gwo mekontantman yo fas ak desizyon li pran yo.

Pou kounye a, premye mwa gouvènman Trump lan montre li pa pè pran desizyon radikal, kit sa fè plezi oswa fache yon pati popilasyon an. Se nan mwa k ap vini yo n ap wè si politik li yo ap ranfòse pozisyon Etazini oswa si yo pral kreye plis divizyon, ni lakay ni aletranje.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841