Nan kad yon dyalòg espesyal pandan pasaj li nan peyi Lafrans, nou te gen privilèj pou n fè yon dyalòg enpòtan ak Me. Antonal Mortimé, yon defansè dwa moun ki byen rekonèt nan sosyete Ayisyèn nan. Dyalòg sa a te pèmèt nou abòde plizyè aspè kritik nan kriz Ayiti ap travèse a, ansanm ak wòl kle dwa moun yo nan rechèch solisyon pou peyi a.
Li gen plis pase 20 lane depi Antonal Mortimé ap milite pou defans dwa moun ak jistis sosyal, ak yon kwayans fèm ke lespwa ka renouvle sou tè Ayiti. Pandan tout ane sa yo, li te angaje l nan batay kont enpinite, kòripsyon ak vyolasyon dwa fondamantal yo, kwè ke yon sosyete ki respekte dwa moun se baz pou devlopman reyèl ak lapè dirab. Malgre defi yo, Mortimé rete yon vwa enpòtan nan lit pou yon Ayiti pi jis, kote chak sitwayen ka viv ak diyite.
Kriz Ayisyen an : Yon Gwo Defi Multidimansyonèl
Nan echanj sa , Mortimé te mete aksan sou kèk pwen kle ki eksplike pwofondè kriz la :
Enstabilite politik: Gouvènman an ap fè fas ak difikilte grav pou etabli yon otorite ki lejitim. Konfwontasyon kontinyèl ant pouvwa egzekitif la ki se 9 konseye prezidansyèl ak lòt enstitisyon yo febli kapasite leta a pou reponn a bezwen popilasyon an.
Krize ekonomik: Ayiti ap viv yon ogmantasyon povrete, ki agrave akòz enflasyon k ap monte san kontwòl. Sa mete plis moun nan sitiyasyon ensekirite alimantè.
Ensekirite: Kòm yon konsekans, Mortimé te eksplike kijan gang yo ranfòse pouvwa yo nan divès katye, sa ki mete lavi ak sekirite moun an danje.
Antonal Mortimé te touche yon pwen kle sou kesyon gang yo nan peyi a, kote li fè konnen ke tout moun gen dwa pou leta prezan pou yo, menm moun ki vin angaje nan gang yo. Sepandan, li te klè sou yon bagay: transfòme yo an gang pa ba yo okenn dwa pou kidnape, touye, terorize popilasyon an oswa fè masak. Mortimé te soulve yon lòt pwen enpòtan lè li fè remake ke anpil nan gang sa yo pa menm konnen rezon reyèl batay yo ap mennen, sa ki rann sitiyasyon an plis konplike e san direksyon.
Wòl Esansyèl Dwa Moun yo
Dwa moun, dapre Mortimé, se pi gwo zam pou batay kont ensekirite ak enjistis. Li te fè nou sonje ke:
Pwoteksyon sitwayen yo dwe rete yon priyorite pou tout gouvènman. Dwa a lavi, sekirite ak libète pa negosyab.
Responsabilite otorite yo: Fòk gen mekanis ki pèmèt jistis fè travay li, epi responsab yo peye konsekans pou abi ak kòripsyon.
Enklizyon nan desizyon yo: Mortimé te souliye nesesite pou bay sitwayen yo espas pou yo patisipe nan pran desizyon enpòtan ki afekte lavi yo.
Antonal Mortimé te konsidere kòm youn nan potansyèl kandida pou pòs Protektè Sitwayen, yon wòl kote li te gen plizyè inovasyon an tèt li pou pote chanjman reyèl. Youn nan prensipal lide li yo te desantralize sèvis piblik yo, pou asire ke tout Ayisyen, kèlkeswa kote yo ye nan peyi a, ka gen aksè a resous leta yo. Mortimé te vle kraze baryè kote Pòtoprens, kòm kapital, ta sèl sant desizyon ak sèvis, nan yon vizyon ki ta bay plis pouvwa ak opòtinite nan lòt rejyon yo, favorisant devlopman ekitab atravè tout peyi a.
Dyaspora e dwa l
Antonal Mortimé te reponn kesyon Jean Launy Avril sou absans leta Ayisyen nan dyaspora, sitou nan peyi tankou Chili, Brezil, Repiblik Dominikèn, Ajantin ak lòt kote, kote Ayisyen yo konn fè fas ak difikilte pou jwenn dokiman ofisyèl pou regilarize sitiyasyon yo. Mortimé te souliye ke mank yon politik klè ak efikas pou soutni moun sa yo kite yo san resous, ekspoze yo a pwoblèm imigrasyon ak abi nan peyi kote yo ap viv la. Li te plede pou yon angajman leta Ayisyen pou amelyore kondisyon lavi dyaspora a ak fasilitasyon akonpaye pwosedi administratif yo.
Solisyon Pou Soti nan Kriz la
Mortimé pwopoze plizyè chemen pou Ayiti ta ka reprann chimen lapè ak devlopman:
Ranfòsman enstitisyon jistis yo: Yon sistèm jistis endepandan ak transparan se kle pou fè respekte dwa moun.
Soutyen entènasyonal: Pandan n ap kolabore ak kominote entènasyonal la, se enpòtan pou respekte souverènte peyi a.
Mobilizasyon sosyal: Sosyete sivil la dwe kontinye jwe wòl li kòm gadyen demokrasi a, pandan l ap ankouraje inisyativ lokal yo.
Yon Mesaj Espwa ak Aksyon
Nan konsèy final li, Antonal Mortimé lanse yon apèl fò bay tout Ayisyen pou yo angaje yo aktivman nan devlopman peyi a, chak moun pote kontribisyon yo kapab, kèlkeswa domèn yo. Li ankouraje jèn yo pou yo mete aksan sou edikasyon, pran chans pou al lekòl, ak fòmasyon ki ka ede amelyore lavi yo ak sosyete a. Mortimé te sèvi kòm yon modèl li menm, pandan l ap kontinye ak etid doktora li, montre ke aprantisaj pa janm fini e ke edikasyon rete yon zam esansyèl pou kreye chanjman nan lavi pèsonèl ak nan lavi kolektif.
Nap raple nou, dyalòg sa a se pa sèlman yon echanj de panse, men yon apèl klè pou aksyon. Kòm defansè dwa moun, Antonal Mortimé ap montre kijan dwa moun ka sèvi kòm yon zouti transfòmasyon. Nan menm sans lan, Centre à la Une ap kontinye sèvi kòm yon platfòm pou sansibilize, enfòme, epi mobilize jèn yo ak tout sektè sosyete a.
Nan moman kritik sa a, se ansanm nou dwe travay pou nou rebati yon Ayiti kote tout moun ka viv ak diyite.
Jean Launy AVRIL, Centre à la Une