Vandredi 29 novanm 2024, etidyan Inivèsite Piblik Sant lan (UPC) te pran lari nan Mibalè pou montre mekontantman yo. Yo mande bon jan jesyon rektora a, aplikasyon kourikoulòm yo, denonse ogmantasyon frè eskolè yo, epi plenyen pou move kondisyon sanitè nan bilding inivèsite a.
Revandikasyon sa yo pa yon evènman izole. Yo montre yon fristrasyon ki ap grandi nan tout peyi a. Sa etidyan yo mande yo jis : yon edikasyon ki respekte dwa yo, jistis sosyal ak diyite pou tout moun.
Nan yon peyi ki deja ap travèse kriz divès kalite, edikasyon rete youn nan pi gwo espwa pou jèn yo. Men, ki jan yon moun ka prepare yon avni miyò si kondisyon yo pou aprann yo deja danjere ak mal òganize? Pwoblèm nan jesyon inivèsite piblik yo se yon reflete yon reyalite nasyonal : mank transparans ak responsablite nan enstitisyon yo.
Centre à la Une ap leve vwa kont yon seri enjistis k ap brase kò nan sektè edikasyon an, espesyalman nan fason etidyan ayisyen yo trete pandan pwosesis staj yo. Nou denonse pratik kòripsyon kote etidyan yo oblije bay gwo valiz lajan pou jwenn opòtinite fè staj, pandan ke se enstitisyon yo ki ta dwe peye yo pou sèvis y ap bay nan kad fòmasyon yo. Sitiyasyon sa a pa sèlman ilegal, men li mete an danje avni jèn yo epi limite chans yo pou antre nan mache travay la ak diyite. Nou mande otorite yo pran responsabilite yo pou fè respekte dwa etidyan yo.
Enjistis ki merite denonse se jan inivèsite leta ak inivèsite piblik yo, ki gen otonomi epi ki resevwa pwòp bidjè pou fonksyone, ap ogmante frè eskolè pou etidyan yo peye. Lajan sa a soti nan kontribisyon tout Ayisyen, men malgre sa, ogmantasyon frè yo fèt san transparans, e souvan san okenn konsiltasyon ak etidyan yo. pandan jèn yo kontinye ap viktim eksplwatasyon. Centre à la Une mande pou gen limyè sou jesyon bidjè inivèsite yo ak pou retounen sou desizyon k ap mete etidyan yo nan plis difikilte.
Nan sistèm edikatif ayisyen an, yon lòt fòm kòripsyon ki blayi se exijans gwo makout lajan pou soutni memwa devan direktè yo. Anpil nan direktè sa yo, ki te gen chans etidye aletranje, konnen trè byen ke soutni memwa fèt gratis nan peyi kote yo te fòme yo. Malgre sa, yo chwazi fè etidyan yo peye fòs kote, mete plis baryè sou wout jèn yo nan yon moman kote edikasyon ta dwe yon mwayen liberasyon. Centre à la Une kondane pratik sa yo epi mande pou yo elimine nenpòt fòm eksplwatasyon nan sektè edikasyon an.
Anpil etidyan soufri se iresponsablite pwofesè yo, ki souvan vini travay lè yo vle, san respekte orè klas yo. Anpil egzamen yo pa aliman ak pwogram pedagojik la, sa ki kreye konfizyon ak fristrasyon pami etidyan yo. Rezilta egzamen yo tou pran anpil tan pou pibliye, sa ki retade pwogrè etidyan yo nan sik akademik yo. Anplis de sa, kalandriye akademik la souvan pa respekte, sa ki vin lage etidyan yo nan yon inifikasyon san fen. Centre à la Une lanse yon apèl pou ranfòse disiplin ak responsabilite nan inivèsite yo, pou garanti yon bon jan fòmasyon pou jèn yo.
Enjistis grav ki frape sistèm edikasyon an se presans anpil pwofesè ki pa kalifye pou anseye nan nivo lisans. Anpil nan yo pa gen ni fòmasyon akademik ni eksperyans ki nesesè pou asire bon jan kalite ansèyman. Konsekans sa a se yon fòmasyon ki pa solid, ki mete etidyan yo nan dezavantaj lè yo antre nan mache travay la oswa kontinye etid yo aletranje. Centre à la Une denonse sitiyasyon sa a epi mande pou gen plis kontwòl sou rekritman pwofesè yo, pou asire ke sèlman moun ki gen kapasite ak konpetans ap anseye nan inivèsite yo.
Etidyan sa yo pa sezi lari a pou fè dezòd; yo se vayan gad ki ap batay pou chanjman. Yo reklame sa ki dwa yo : yon edikasyon ki aksesib pou tout moun epi ki gen kalite. Batay yo ap mennen jodi a, se batay tout yon jenerasyon ki refize rete bèbè devan enjistis.
Otori yo dwe koute kri yo! Jenès Ayisyen an merite repons ki klè ak solisyon reyèl, pa bèl pawòl ki san sans. Pou regle kriz sa a, fok gen yon dyalòg onèt ant etidyan yo ak rekta a, epi pran mezi konkrè pou amelyore kondisyon pou yo aprann.
Anfèt, enjistis ki ap brase kò nan sistèm edikasyon an se yon atak dirèk sou avni jenès la ak devlopman peyi a. Soti nan kòripsyon pou fè staj, pwofesè ki pa kalifye, move jesyon egzamen, rive sou ogmantasyon frè eskolè san transparans, sitiyasyon sa yo ap minen chans jèn yo jwenn yon edikasyon solid. Centre à la Une kwè ke solisyon yo mande yon angajman serye nan men otorite yo pou kore sa ki mal fèt, mete fen nan pratik kòripsyon, epi asire yon sistèm edikatif ki jis, aksesib, ak kalite pou tout moun. Yon peyi ki neglije edikasyon jenès li, kondane avni li.
Soutni jèn sa yo, se soutni avni peyi a. Batay yo se batay tout yon pèp ki swaf jistis, diyite, ak libète.
Istwa a pap padone moun ki rete bra kwaze devan yon sitiyasyon konsa.