Editoryal Madi 3 Desanm 2024
Inkilpasyon twa konseye prezidansyèl nan yon gwo dosye kòripsyon mete devan je tout moun yon reyalite klè : enpinite fè kòripsyon fleri. Ann Ayiti, eskandal yo ap miltipliye, men moun ki dwe pran responsablite yo toujou ap kache.
Kesyon tout moun ap poze se senp: kisa ki fè otorite yo pa janm revoke konseye sa yo e mete yo dèyè kat miray prizon an? Silans otorite yo, fas ak sitiyasyon grav sa a, se yon mesaj danjere yo voye bay popilasyon an. Si moun ki okipe pozisyon enpòtan sa yo ka chape san pinisyon, ki espwa ki rete pou enstale yon leta ki respekte dwa ak jistis?
Pwovèb ayisyen an ki di « Si pa gen sitirans, pa ka gen vòlè » montre reyalite a byen klè. Kòripsyon grandi paske moun ki la pou veye dwat yo fèmen je yo, oswa menm patisipe nan vòl la. Lè a rive pou nou sispann endinye san aksyon. Nou dwe aji.
Retire konseye kòripsyon sa yo pa dwe konsidere tankou yon favè yo fè pèp la, men tankou yon obligasyon moral ak legal. Leta dwe reprann kredibilite li lè li montre pèsonn pa anlè lalwa. Prizon se kote kounye a pou kadejakè resous piblik yo, pa palè a.
Sosyete sivil la, medya yo, ak tout sitwayen angaje yo dwe rete vijilan e mande kont. Inaksyon pa yon opsyon ankò. Ayiti ap kapab leve kanpe sèlman si moun ki trayi konfyans piblik yo jwenn jistis.
Se sèl kondisyon sa a ki ka fè lit kont kòripsyon an soti nan pawòl vid pou tounen yon reyalite vivan.
Ekri pa Jean Launy Avril, éditoryalis Centre à la Une.