Nan sant operasyon Ijans depatman an (COUD), direksyon Depatmantal proteksyon sivil Sant bay yon konferans pou laprès lendi 2 desanm 2024 la pou klotire sezon siklonik la, bay bilan etou profite fè kèk rekòmandasyon. agronòm Coriolan Budry delege Depatmantal, Multy Margarette direktris Depatmantal pwoteksyon sivil ak Robert Joseph Sylvestre ki se direktè depatmantal agrikilti sant, te prezan sou tab konferans la.
Direktris proteksyon sivil la Margarette Multy ki te pran lapawòl fè konnen ekspè yo yo te prevwa ant 20 a 23 sikòn plis 11 ouragan pou sezon an men se 18 siklòn ak 5 ouragan majè ki te rive produi, erezman Ayiti te epaye men te gen anpil lapli nan divès rejyon.
Direktris Margarette te profite prezante yon bilan pandan peryòd siklonik lan nan Depatman Sant kote li fè konnen 15 moun mouri ak kout Loray nan Depatman an. Plizyè 10 zèn aksidan moto ak machin produi akoz wout ki antè bati ki te vin trè malouk akoz gwo lapli yo. Li di wout agrikòl yo te afekte,Plizyè kay kraze. 4 timoun nwaye nan Lospin ak Laskawòb nan Laskawobas akoz neglijans paran yo ki te lese travèse dlo ki t ap desann.
Direktris Margarette te fè elòj pou yon ansanm ktivite yo te reyalize nan direksyon depatmantal proteksyon sivil Sant tankou: Projè ranfòsman kapasite ak Rezilyans aleya klimatik jis pou ranfòse kapasite proteksyon sivil, gras ak projè sila li di 841 moun jwenn fòmasyon sou divès tematik tankou: jesyon sant Operasyon ijans kominal, Planifikasyon pou repons Ijans. (Anviwon 200 volontè sou Jesyon abri ijans) Fòmasyon sou VBG, yon 10zèn jounalis fòme nan kominikasyon de kriz ak Ijans, 30 kad fòme sou entèpretasyon ak kominikasyon bilten meteyo.
Li fini pou di sezon siklòn nan fè yo wè enpòtans preparasyon ak Rezilyans fas ak katastwòf natirèl e pouse yo fè rekòmandasyon sa yo: Ranfòseman striktirèl entegre dwe fèt nan Depatman an. konstruiksyon enfrastrikti rezistan nan Depatman an. Ranfòse edikasyon ak sansibilasyon piblik la sou divès fenomèn natirèl.
Li mande patenè ki nan Ijans, GRD, Rezilyans ak lòt pou pataje resous yo, konesans yo, estrateji yo pou pote kole pi bonè ak proteksyon sivil Sant pou yon repons pi efikas pou ane ki ap vini yo. Li prone yon kolaborasyon pi sere ak otorite yo ak sosyete sivil nan Depatman an.
Robert Joseph Sylvestre ki se direktè depatmantal agrikilti sant bò kote pa li fè konnen ane 2024 la se te yon ane trè bkleman paske te gen anpil lapli. Agrikiltè yo te jwenn dlo pou yo te plante epi bèt yo te jwenn manje. Paralèlman li di yo te fè fas ak problèm tou ki te afekte perimè irigasyon yo nan kèk komin tankou: Sèkalasous ( lòspizòs) , Jwanarya (Ench), Sodo (Ladefò). Pou fè fas ak sistèm irigasyon sa yo ki te afekte ak gwo lapli, te genyen kèk òganism ki te yo pou site GIRADEL ak program PARSA
Plizyè tèt betay de mouri akoz neglijans.
Pi lwen li di pis agrikòl yo te afekte men CARE ak Giradel , PARSA te entèvni pou ede yo. Li fini pou di DDA Sant swete ane 2025 lan pote anpil lapli pou yo, etou li swete sechrès pa twò afekte yo.
Coriolan Budry ki se Delege Depatmantal sant deklare sezon siklonik lan fème, epi li swete moun yo toujou rete vijilan pou fè fas ak tilapli ki ka genyen yo. Li remèsye patnè yo e ankouraje yo pou pote kole pou ede proteksyon sivil. Li fini pou remèsye Direktris Margarette pou foug li nan proteksyon sivil Sant pou jan li toujou mache men nan men ak tout otorite yo.
N ap raple, sezon siklonik la kòmanse apati 1e Jen pou bout 30 novanm chak ane.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE.