Anba tèm « Chak moman konte » direksyon Depatman proteksyon sivil sant komemore jounen entènasyonal volontarya 6 desanm 2024 la nan sant operasyon ijans Depatman an ( KOUD) pou onore vonlontè yo nan Depatman an.

Nan jounen sila te genyen konferans deba, remiz plak donè, merit, ak divès aktivite kiltirèl.

Delege Depatmantal Sant lan, Budry Coriolan, ki te louvri aktivite a te pran lapawòl pou di se 1e fwa y ap onore epi komemore volontè nan Depatman an, pandan li te profite voye gwo konpliman pou Direktris proteksyon sivil Depatman an li di ki toujou ap inove. Li remèsye enstitisyon tankou
proteksyon sivil, Skout ak Kwa wouj ki nan volontarya nan rejyon an.

Nan diskou sikontans lan, Direktris proteksyon sivil Sant lan, Madam Margarette Multy, montre rekonesans li pou travay volontè yo ap fè atravè peyi a, sitou nan Depatman an. Li fè konnen volontè yo pa genyen lè ni dat pou bay fòs yo nan pwoteksyon sivil san lajan, pou diminye risk ak dezas. Li fini pou di: Si Pwoteksyon Sivil fò nan Depatman an, se gras ak fòs epi kouraj volontè yo li pa gen mo pou ankouraje travay yo.

Nan pati konferans de ba yo te, genyen Frantz Monttort Ifrene ki te trete, enpòtans volontarya pou devlopman lavi pwofesyonèl. Pierre Rigaud Dubuisson kote pa li te pale de enpòtans ak wòl vonlontè nan pwoteksyon sivil. Boutofen, Michbordy Jules te abòde enpòtans volontarya nan devlopman ekonomik peyi a.

Direktris Pwoteksyon Sivil Sant lan, Margarette Multy, te pwofite okazyon an pou remèt 5 plak donè e merit ak moun sa yo ki se volontè nan pwoteksyon sivil sant: Kempes Estinfat, Marcelin Pierre, Gaston Jean Michael, Erode Michel, Marcelin Pierre, Edris Ramond ak plis pase yon 50 tèn sètifika pou gwo kontribisyon yo pote pou pwoteksyon sivil nan Depatman an.

Divès volontè ki te pran lapawòl nan sikonstans lan, pa t kache kontantman yo pou fason yo di Direktris la toujou mete li nan po yo chak pou travay ak yo epi toujou mete yo a lonè.

Komemorasyon sila te rive posib ak bourad Sant Karayibeyen Reyabilitasyon ak anviwonman (CECAREE), GIRADEL ak OIM.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841